Tout moun te bezwen konnen kijan relasyon Messi ak Mbappé pral ye aprè final Mondyal 2022 a kote Ajaten te bon sou Fransè a. Nan yon entèvyou, Leo fè konnen kijan relasyon yo ye.
Sa pa pi mal ant Messi ak Mbappé, selon sa nonm ki gen 7 Balon dò a ta fè konnen. Nan yon entèvyou li bay kotidyen Ajanten an, Olé, Messi esplike kòman li menm ak Mbappé viv youn bò kote lòt aprè gwo batay yo te livre nan final Koupdimonn avec.
Final Mondyal la pa yon sijè nan mitan 2 mesye yo : » Wi, nou pale de jwèt la, de fason festivite yo te ye, jan moun yo te viv li, e jan festivite yo te ye lè m te an vakans lan. Epi anyen, anyen ankò. Men sa prale byen, vrèman byen » meyè jwè Mondyal 2022 a t ap esplike.
» M te nan bò pèdan yo yon lè, m te pèdi yon final Mondyal e m pa t konn anyen de bagay sa ankò e de tout sa ki gzn rapò ak Koupdimonn lan nan epòk sa. Se pou sa m pa vle pale de sa. Men an verite, pa gen okenn pwoblèm ak Kylian, se kontrè a » Messi avwe.
Ajantin ak Lafrans fè n viv youn nan pi bèl final nan istwa Mondyal la, si se pa pi bèl la. Ajaten yo al genyen nan pennal. Yon match ki te chaje rebondisman kote Messi te fè yon double epi Mbappé te fè yon triple.
Facebook Comments