Gouvènman dominiken an fè konnen yon lòt fwa ankò kriz peyi d Ayiti ap travèse aktyèlman an reprezante « yon menas » pou sekirite nasyonal li a, epi li souliyen devan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) « kominote entènasyonal la pa reponn ak demand li te fè pou voye yon fòs entènasyonal sou teritwa a ».
Depi mitan 2021, Repiblik dominikèn te kòmanse bay gwo alèt sou sekirite teritwa ayisyen an k ap deteryore. A plizyè repriz, li te mande – tout sa, jouk rive jounen jodi a – pou peyi yo ki nan Amerik la ak nan Karayib yo pou yo te pran bon jan mezi pou ede Ayiti sòti prese prese nan twou li tonbe aktyèlman an. Prezidan dominiken an, Luis Abinader te menm deklare Ayiti reprezante yon menas pou Karayib la ak pou sitwayen dominiken yo, kòz 2 peyi yo se frè.
Mèkredi 1ye fevriye pase a, Josué Fiallo ki se reprezantan pèmanan Repiblik dominikèn pa bò kote OEA te menm esplike kòman sitiyasyon an nan peyi d Ayiti ap pouse do Ayisyen yo pou kite peyi yo pou al chaje lavi miyò lòt kote, sitou an Repiblik dominikèn. Sa ki se yon siy kondisyon vi pèp ayisyen an pa bon ditou.
Kay vwazen di li enpòtan pou Ayiti jwenn yon solisyon ak kriz politik l ap travèse a, sitou depi nan kòmansman ane a ki make fen manda tout dirijan yo, kit sak te lejitim kit sak pat lejitim.
N ap raple, devan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Ayiti – ki reprezante pa ansyen direktè lapolis la Léon Charles, aktyèlman ki se anbasadè peyi d Ayiti nan OEA – kontinye mande entèvansyon yon fòs etranjè sou teritwa ayisyen an nan lide pou ede fòs ki la yo konbat ensekirite a k ap fè viktim chak jou pi plis, epi pou garanti sekirite reyalizasyon eleksyon yo pou yon gouvènman ka monte ane k ap vini la.
Toutfwa aprè rankont mèkredi a, Konsèy pèmanan OEA analize dosye Ayiti a men l pa konkli anyen jiskaprezan. Repiblik dominikèn deklare wòl Òganizasyon an se ta dwe « pote sipò li bay otorite ayisyèn yo, nan tèt kole ak Nasyonzini, pou mete lòd nan dezòd ».
Facebook Comments