Patwon Meta a, Mark Zuckerberg anonse ayè dimanch lan « Meta Verified », ki se yon abònman mansyèl kote itilizatè Instagram ak Facebook yo ap kapab verifye kont yo avèk yon badj ble, pami kèk lòt avantaj.
Fondatè Facebook la fè konnen tou abònman sila, k ap fèt chak mwa, ap koute ant 11,99$ ak 14,99$, epi l ap ofri itilizatè yo “yon pwoteksyon anplis kont vòl idantite”.
Premye peyi k ap jwenn abònman sila yo se Ostrali ak Nouvèl Zeland. Sa ap fèt semèn k ap vini la. Meta anonse lis peyi yo ap grandi konsiderableman. Yon mezi ki sanble pye pou pye ak plan Elon Musk te tabli pou Twitter a.
Toutfwa ni Meta, ni Mark Zuckerberg pa endike si itilizatè ki deja verifye yo ap pèdi badj ble yo te deja genyen an si yo pa peye frè mansyèl la.
Facebook Comments