Mezon Blanch di yo pa mande Ariel Henry demisyone

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
mezon blanch di yo pa mande ariel henry demisyone

Pòt-pawòl Mezon Blanch lan, Karine Jean-Pierre, fè konnen yo pa mande Premye minis Ariel Henry pou l demisyone. Nan yon deklarasyon fò, li eksplike objektif yo se jwenn yon akò politik ki pral pèmèt peyi a avanse sou wout yon avni miyò.

Mezon Blanch deside klarifye bagay yo nan vwa Pòt-pawòl li Karine Jean-Pierre. Li deklare lide a se pa pou vini ak demisyon Premye minis la, men pou finalize yon akò politik ki pral kapab mennen Ayiti sou wout yon devlopman an. Li te enfòme fòk moun yo kole tèt pou yo jwenn yon solisyon ki pi bon pou tout moun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou pa mande l ! Nou definitivman pa mande Premye minis lan pou l demisyone. Se pa sa n ap fè. Sa nou di l, sèke lè a rive pou finalize yon akò politik pou mete Ayiti sou chimen yon avni miyò », se sa Karine Jean-Pierre deklare.

Deklarasyon sa a eksplike pozisyon Karine Jean-Pierre kòm Pòt-pawòl Mezon Blanch, epi li mete an valè angajman yo pou jwenn yon solisyon politik ki pral kapab avantaj tout moun nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.