Mibalè lanse yon mouvman ki rele « Kanpe la leta ! » 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Kredi Foto : Rezonòdwès

Popilasyon Mibalè a lanse depi madi 6 septanm 2022 a yon seri manifestasyon pou denonse  enjerans gouvènman Ariel Henry a, ak enkapasite l pou l dirije zafè leta.

Ayè madi 6 septanm 2022 a, popilayson Mibalè a te kòmanse ak operasyon ki rele « Kanpe la Leta »  ak yon  gwo manifestasyon ki te rasanble plizyè milye moun. Anpil polisye te akonpanye moun sa yo, yon fason pou yo te pwoteje yo pandan mouvman sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men pandan tan sa, Premye minis Ariel Henry, fè komsi li pa tande tout revandikasyon pèp la ap fè pandan jou sa yo, li kontinye ap dyaloge, li kontinye ap fè pwomès, pandan anpil fanmi Ayisyen paka viv nan lapè akoz bandi ak zam, akoz mizè espsyalman grangou ak lavi chè.

Newochirijyen an fè konnen pou l remèt pouvwa a fòk se ak yon moun pèp la chwazi nan eleksyon, men jis kounya chèf gouvènman an pa rive pibliye yon kalandriye elektoral. Se sak fè popilayson Mibalè a di si leta pa gen dimansyon pou l satisfè revandikasyon ak aspirasyon pèp la, se pou li retire kò l. 

« Kanpe la Leta! », se sa popilasyon Mibalè a mande pou koulye. N ap raple jounen 7 septanm 2022 deklare jounen wouj, yon ansyen lidè opozisyon kont gouvènman defen Jovenel Moïse la, Moïse Jean Charles resi sòti tèt li aprè plizyè mwa bèbè pou l te anonse kèk mobilizasyon epi lanse jounen mèkredi sila « Mach Wouj » kont Ariel Henry.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.