Michel Péan, yon manm biwo swivi akò Montana, prezante kèk detay sou akò a

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil
Kredi foto : Loop Haïti News

Nan sousi pou ede popilasyon ayisyen an ak tout sila sa konsène konprann metodoloji travay ki t anplwaye pou akouche ‘‘akò 30 dawout’’ la, anpil moun rele ‘‘akò Montana’’, Komisyon pou yon solisyon ant ayisyen ak Kriz la pibliye yon videyo kote Michel Péan, ki se manm komisyon an epi manm biwo swivi akò Montana, founi bon jan eksplikasyon sou akò a. 

Nan kòmansman videyo sila Komisyon an pibliye sou kont Twitè l, Michel Péan deklare :

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tout akò yo pa gen menm apwòch ; yo pa suiv menm chimen.  

Yon fason pou l fè konnen zafè k ap pale pou tout akò yo ta f on sèl la pa posib. 

Pou ranfòse sa l di a, manm biwo swivi akò Montana fè konnen:

Komisyon k ap chèche yon solisyon ant ayisyen ak kriz la pase 5 mwa ap rankontre, chita tande, diskite ak tout fòs viv sosyete a ; prèske tout sektè òganize peyi a. Se pa nan yon biwo nou chita epi ponn akò Montana. Non. 3 fwa non. E menm 1000 fwa non.  

Pi lwen, komisyonè a pote plis detay sou akò a lè l fè konnen akò Montana gen patisipasyon anpil moun ; se sa k fè l enklizif. Epi apwòch demokratik sa se li menm ki gid nou nan travay pou n mete kanpe enstans ki pou dirije tranzisyon koupe fache a. Li te rapousib e di tou pou l presize  ke nan pwosesis sa, ni manm komisyon an, ni manm biwo swivi akò a pa gen dwa ni kandida ni vote. 

Menmsi l deklare pa gen posibilite pou akò Montana f on sèl ak lòt yo paske apwòch yo pa menm, Michel Péan te presize tou :

Pou debloke yon sitiyasyon, akò Montana rete ouvè pou diskite ak tout moun, tout enstitisyon, tout patriyòt ayisyen. 

Aprè lanmò ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, Akò 30 dawout la te parèt youn nan pwotanta kandida kòm direksyon pou peyi a. Men, malgre tout kalte ak kantite moun ki siyen akò sa, li pa janm rive antre an aplikasyon. Se toujou Ariel Henry, ki te jwenn benediksyon entènasyonal la pou pran tèt peyi a kèk jou aprè lanmò ansyen chèf leta k ap dirije peyi a nan yon gouvènman monosefal. Bò kote PM nan, l ap dirije ak akò 11 septanm nan, kote plizyè pati politik ak òganizasyon popilè te siyen ak li pou rekonèt li kòm prensipal dirijan peyi a jiska òganizasyon pwochen eleksyon yo. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.