Yon komisè polis elimine yon gwoup bandi ki te vin kidnape l lakay li

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon komisè polis elimine yon gwoup bandi ki te vin kidnape l lakay li

Yon zak ewoyik! Kòmandan CBIM lan, Xavier Seïde, mete dòmi nan je pou piti yon dizèn bandi ak zam ki te vin tante kidnape l, lakay li, nan lannwit 9 pou rive vandredi 10 mas la.

Nan yon moman kote ka kidnapin yo pa sispann ogmante nan tout kwen nan peyi an depi kòmansman ane an, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan, komisè Xavier Seïde elimine yon gwoup endividi ak zam ki te vin leve l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kòmandan CBIM lan ki abite nan zòn Tomasen, Soisson, chape anba tantativ kidnapin sa nan lannwit jedi pou rantre jodi vandredi an kote pou pi piti yon dizèn nan endividi sa yo tonbe nan echanj kout zam.

Imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo aprè zak sa, montre plizyè jèn gason k ap benyen nan san yo anndan ak nan lakou kay komisè an ki deja prezante sou rezo sosyal yo kòm yon senbòl rezistans, ak vanyans aprè aksyon sa li poze an.

Gwoup endividi sa yo ki t ap mennen atak sa kont Kòmandman CBIM lan pandan lannwit lan, touye ak bal de chen ki te nan lakou kay lan avan yo menm yo ta pral tonbe nan echanj kout zam ak komisè an ki te gen mwayen ak kapasite pou reziste.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.