Atis Pierre Jean mete fen ak tout rimè ki t ap kouri sou rezo sosyal yo depi kòmansman semèn lan konsènan chwa Joslord Elmilus nan kesyon jere atis nan Endistri mizik ayisyen an. Jounen mekrèdi 24 dawout la, Pierre Jean prezante Joslord Elmilus kòm nouvo manager l.
Nan yon kominike ki pibliye sou rezo sosyal yo jounen mekrèdi 24 dawout la, Pierre Jean anonse kòmansman koloborasyon li menm ak ansyen manager Roody Roodboy la, Joslord Elmilus kòm nouvo responsab k ap gen pou jere l.
«Ak tout fanatik, medya, pwomotè ak kritik, jodia mwen vin anonse nou yon nouvèl ki pral afekte karyè mwen epi ki pral ede mwen nan vizyon mwen. T-Com Haïti ak mwen apre anpil konsiltasyon deside nome Joslord Elmilus kòm manager », sa nou li nan kominike sa.
Ansyen chanpyon Digicel Stars la, nan kominike sa, eksplike desizyon sa ki, daprè li menm, se yon chwa ki pral ede l atenn objektif li ak pran plis matirite nan Endistri mizik ayisyen an, sitou avèk eksperyans ansyen manager Roody Roodboy, Joslord Elmilus, genyen nan domèn sa.
Nan kominike sa, Pierre Jean Haïti remèsye ansyen ekip li ki te akonpaye l rive kote l ye jounen jodi an. Aprè plizyè mizik ki fè gwo siksè nan endistri mizik ayisyen an sou dènye ane sa yo, ansyen chanpyon Digicel Stars 2013 lan chwazi Joslord Elmilus kòm manager, pandan li eksprime rekonesans li pou ekip ki te la ak li lè l t ap kòmanse an.
Facebook Comments