NETALKOLE

Minis jistis la, Mèt Berto Dorcé fè konnen Gouvènman an ap travay pou retabli lapè nan peyi a 

Depi plizyè jou, vil pwovens yo ak kapital la gen gwo presyon apre Premye minis Ariel Henry te pran desizyon pou li monte pri gaz la. Plizyè zòn te gen gwo barikad epi kawoutchou k ap boule, san konte moun ki mouri anba bal pandan manifestasyon sa yo. 

 Se nan sans sa, Berto Dorcé, Minis jistis la, nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li Mèkredi 28 septanm 2022 a, fè konnen, Gouvènman konsyan de tout bagay sa yo, li pwomèt pou l retabli kalm ak lapè yon fason pou fasilite mouvman sitwayen yo nan peyi a. 

 » Nan kad jefò Gouvènman ayisyen an, sou lidèchip Premye Minis Ariel Henry, Ministè Jistis la ap travay di pou retabli kalm nan peyi a epi pèmèt popilasyon an ale nan biznis yo lib, pou yo fè aktivite yap mennen chak jou », te ekri Berto Dorcé, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la. 

Anplis de sa, Minis jistis la di pou asire fonksyonman sistèm jidisyè a, mèkredi 28 septanm 2022 sa a, li te gen yon seyans travay ak Minis  Ekonomi ak Finans lan, Michel Patrick Boisvert, pou diskite sou preparasyon pou nouvo ane jidisyè a. 

« Pou asire fonksyonman sistèm jidisyè a, Minis Berto Dorcé te fè, mèkredi 28 septanm 2022 sa a, yon seyans travay ak detantè Ministè Ekonomi ak Finans lan, Mesye Michel Patrick Boisvert, pou diskite sou preparasyon relatif yo pou nouvo ane jidisyè a », te ekri Minis Dorcé nan yon lòt Tweet. 

Nap raple, depi lendi pou rive mèkredi plizyè vil nan peyi a tankou Okap, Gonayiv, Pòtoprens elatriye te ap manifestan pou mande depa Ariel Henry sou pouvwa. Mete sou sa, sendikalis yo mande 2 nouvo jou manifestasyon  ki se 29 ak 30 septanm 2022 pou pwoteste kont ogmantasyon pri gaz nan ponp yo. 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire