Ministè edikasyon gen entansyon bay sipò sikolojik ak elèv lekòl yo ki fè fas ak sèn vyolans

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ministè edikasyon gen entansyon bay sipò sikolojik ak elèv lekòl yo ki fè fas ak sèn vyolans

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) gen entansyon bay timoun lekòl ki fè fas ak sèn vyolans chak jou yon sipò sikolojik. Pou Ministè a kapab rive atenn objektif sila, ayè jedi 16 mas 2023 a, yon akò te siyen ak Asosyasyon Ayisyen Sikoloji (AHpsy) a.

Vrèman vre, atravè akò sa a, MENFP ak Asosyasyon Sikoloji Ayisyen an (AHpsy), pran angajman pou garanti yon sèvis piblik sipò sikolojik bay kominote edikatif la ki touche chak jou pa sèn vyolans yo nan peyi a, sitou nan dènye jou sa yo, kote zak vyolans yo kontinye ap ogmante nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon nòt pou laprès, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen pwotokòl sila, make kòmansman yon patenarya ant MENFP ak AHpsy, tout pandan li afime pwotokòl sa pral non sèlman ranfòse kapasite ministè a pou li atake estrès, chòk sikolojik, dezòd ki afekte pwosesis aprantisaj elèv yo, men tou pral anpeche, nan yon sèten mezi, vyolans anndan sosyete Ayisyèn nan.

Se sak fè, Ministè Edikasyon Nasyonal di li ap parye sou nouvo patenarya sila, tout pandan li pral fè efò pou enplike Depatman Sante Lekòl la (DSS), Komisyon Adaptasyon Lekòl ak Sipò Sosyal (CASAS) ak lòt depatman teknik tankou Biwo Jesyon Edikasyon Preskolè a ( BUGEP).

Li enpòtan pou nou note, zak vyolans elèv lekòl yo ap fè fas chak jou ka gen konsekans grav pou sekirite ak byennèt elèv yo, ansanm ak kapasite yo pou aprann ak devlope yon fason ki an sante.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.