Konpayi Kanadyen INKAS eksplike rezon ki fè blende yo poko livre bay PNH la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
konpayi kanadyen inkas eksplike rezon ki fè blende yo poko livre bay pnh la

Konpayi Kanadyen INKAS demanti fo akizasyon ki fè kwè li pa respekte obligasyon li genyen pou l bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH)a machin, fòmasyon ak antretyen. INKAS eksplike rezon ki lakòz reta nan livrezon machin blende yo bay PNH la.

Aprè deklarasyon Minis Jistis la, Emmelie Prophète Milcé, ki te kritike konpayi Kanadyen an paske, daprè minis la, konpayi sila pa respekte kontra konsènan machin blende yo te achte nan men yo, sa ki gen gwo efè sou plan sekirite peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, Konpayi Kanadyen an INKAS pa t pran tan pou demanti, daprè Konpayi a fo akizasyon, ki fè konnen li pa respekte obligasyon li genyen pou l bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH)a machin, fòmasyon ak antretyen.

Konpayi Kandyèn nan, INKAS deklare li te bay machin blende adisyonèl, dron ak angajman fòmasyon alontèm gratis, tout pandan Konpayi kandadyen an demanti afimasyon ki fè kwè li se yon konpayi ki baze sou UAE, epi li deklare gen yon sèl INKAS, ki lokalize l nan peyi Kanada depi 27 lane.

Mete sou sa, INKAS di reta livrezon blende yo an Ayiti se akòz pwoblèm chèn ekipman mondyal ki afekte tout endistri otomobil la, Konpayi kandyèn nan di tou, li fè prèv transparans nan kominikasyon li yo.

Yon lòt bò, INKAS fè konnen reprezantan Lapolis Nasyonal d Ayiti a te vizite faktori yo, menm jan ak reprezantan Depatman Deta a, kidonk, Konpayi Kanadyen an di afimasyon ki fè kwè Konpayi a pa fabrike a san sans, li patetik.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.