Prizonye yo ap mouri grenn pa grenn  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
prizonye yo ap mouri grenn pa grenn  

Sa fè kèk tan popilasyon kaseral la ap pase yon kalvè nan peyi d Ayiti akòz kriz aktyèl la, sa ki vin lakòz responsab penitansyè yo neglije yo sou tout liy lan. 

Ayè madi 4 Oktòb la, nou aprann genyen plizyè prizonye ki rann dènye souf yo anndan pi gwo sant kaseral peyi a Penitansye nasyonal. Yon enfòmasyon nou rive konfime aprè jounalis Theriel Thelus te rapòte enfòmasyon an sou paj Facebook li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si prezantatè emisyon «Ti Koze ak TT» a rapòte genyen pou piti 13 prizonye ki mouri, yon sous nou gen anndan rapòte n reyèlman genyen plis pase yon dizèn prizonye ki ta mouri akòz move kondisyon detansyon yo. 

Sous la rapòte depi plis pase yon mwa, depi byen avan kriz sosyopolitik aktyèl la te deteryore, yo te gen anpil difikilte pou yo manje, jwenn dlo a lè. Jounen jodi a sa vin pi mal, yo prèske pa manje ak bwè dlo, san konte chalè ki nan kò. 

Yon prizonye deklare genyen anpil enkyetid anndan Penitansye nasyonal pa bò kote detni yo, paske pèsòn paka vin wè yo depi mouvman “Bwa Kale” nan lari Pòtoprens ak vil pwovens yo. Epi okenn responsab penitansyè pa pase gade si yo vivan, kijan yo ye pandan kriz la. 

Kondisyon ijyenik yo pa bon ditou 

Sous la rapòte anplis yo rete anndan selil yo, yo pa janm benyen, bwose dan, elatriye. Mete sou sa, sant poupou yo ap monte anba nen yo, pa gen pyès lapwòpte ki fèt nan selil yo. 

« N ap dòmi youn sou lòt, nan chalè a pa gen dlo, grangou ap touye nou. Gadyen yo kenbe n anndan selil yo. Nou nan prizon anndan prizon an », se deklarasyon l avèk yon vwa ki chaje remò ladan l. 

Li lanse yon kri bay otorite yo paske depi plizyè semèn y ap viv mal anndan Penitansye nasyonal. Sous la rapòte genyen anpil prizonye ki malad, genyen k ap poupou san rete, sa k ap vomi, san konte sa k ap desose sou pye akòz yo pa jwenn dlo pou bwè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prizon Pòtoprens, prizon vil pwovens se « menm plim menm plimay »  

Jiskaprezan gen anpil kesyon k ap poze sou kondisyon detansyon prizonye yo anndan sant kaseral yo nan peyi d Ayiti. Se pa de prizonye ki pa mouri pandan dènye mwa sa yo sou teritwa. 

Nan dat 27 septanm 2022 a, 3 te prizonye te mouri nan prizon sivil Tigwav men pa gen okenn detay ki bay sou kòz lanmò yo, alòske te genyen plizyè alèt ki te bay sou kondisyon detansyon yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè imaj ki t ap sikile sou rezo sosyal yo te montre kadav omwen 3 nonm ki kouche atè yon kote ki bay aparans anndan yon prizon. Kò yo te rete po ak zo sèlman tèlman yo te mèg. Prizonye sila yo mouri akòz yo pa t ka jwenn manje ak dlo pou te nouri kò yo.  

Youn nan moun ki te bay alèt sou sitiyasyon an, Mèt Arnel Rémy ki se pòtpawòl CADDHO (Collectif des avocats pour la défense des droits de l’homme), te rapòte se lakòz mank laswenyaj, dlo ak manje ki fè 3 prizonye sila yo mouri nan eta sila, e li te menm revele gen lòt ki pat lwen mouri nan menm kondisyon an.  

Prizonye yo pran nan pawòl tafya gouvènman Ariel Henry a  

Nan mwa jen pase, plis pase yon ventèn prizonye te mouri nan plizyè prizon nan Pòtoprens (Penitansye nasyonal), Okay avèk Jakmel, akòz pwoblèm chalè, mank dlo ak manje. Se bon jan sitwayen ki te mete tèt ansanm pou al bay yo manje. 

Genyen moun ki te menm al nan jaden pran pat bannann elatriye pou te bay responsab prizon yo nan Okay pou te ka kwit pou bay prizonye yo manje.  

Gouvènman Ariel Henry te sòti nan silans li nan mwa dawout pase a pou pran angajman pou fè yon koudèy sou sistèm kaseral ayisyen an epi pwomèt li t ap akonpanye prizonye yo ak lite kont detansyon prevantiv pwolonje a, jiska jounen anyen pa janm fèt : prizonye yo pran nan pawòl tafya, zafè detansyon prevantif pwolonje a pako janm ka rezoud. Anpil prizonye pa janm ka pase devan jij natirèl yo.  

Depi dènye jounen mobilizasyon yo nan lari Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens, moun ki anndan prizon yo soufri pi plis akòz sikilasyon woutyè a paka fèt kòrèkteman. Sa lakòz yo pa jwenn aksè ak manje, dlo epi pwodwi ijyenik pou pran swen kò yo. San konte fanmi yo paka bay yo vizit. 

Sa pat janm bon avan, men avèk kriz la kondisyon detansyon yo vin pi mal. Prizonye yo lage 2 bra balanse ap tann sò yo, gouvènman Tèt Kale a prefere fè kòmsi l pa wè ni tande anyen, alòske detni yo ap mouri grenn pa grenn anndan sant kaseral yo nan peyi d Ayiti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.