Mohamed Salah ki nan ekip Liverpool la depi 2017, santi moman rive pou l kite ekip la. Poutan sezon sa parèt konplike anpil pou Ejipsyen an ak Liverpool. Reds yo ki okipe 6zyèm plas nan Premier League la, riske pa jwenn biyè pou Champions League la sezon kap vini an. Sa ki ka pouse jwè a kite ekip la pou yon ekip ki pral jwè Koup gwo zorèy la.
Aprè 6 ane sou mayo ekip Liverpool la, Fararon an, anvi fè yon kraze kite sa ak ekip Liverpol la. Depi depa Sadio Mané a, Reds yo nan tonbe leve nan Premier League la epi pat ka pase 8tyèm final Champions League la sezon sa fas ekip Real Madrid la.
Mohamed Salah te youn nan atizan ekip Klopp la pou dènyè ane sa yo nan Champions League la. Sou mayò Reds yo, ansyen jwè As Roma fè 178 gòl pou 293 match li jwe. Pou mèkato sa ki pral vin la, atakan 30 lane a, pa anvi rete nan ekip Liverpool la malgre kontra li ap fini an 2025.
Daprè « Foot Mercato » nimewo 11 Liverpool la, anvi rejwen yon gwo klèb an Ewop, jwè a plis anvi al jwe nan peyi Espay. Rete tann si Barcelone oubyen Real Madrid ap depanse pou pran jwè a.
Facebook Comments