Real Madrid pa gen dwa pèdi Clasico a, si l vle rete vivan nan Liga a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
real madrid pa gen dwa pèdi clasico a si l vle rete vivan nan liga a

Pou yon katriyèm fwa pandan sezon an, de jeyan espanyòl yo pral gen pou kwaze. Yon match ki kapab deside fen sezon an kote katalan yo genyen yon avans nèf pwen sou “Merengue” yo k ap deplase demen dimanch lan nan Spotify Camp Nou an.

Real Madrid ki aktyèlman dezyèm nan Liga a avèk 56 pwen, dèyè ekip Barcelone lan, gen obligasyon pou fè yon bon rezilta demen dimanch lan pou Clasico retou an k ap jwe nan kad 26èm jounen Liga a, kote Katalan yo kontinye ap domine.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mezon blanch lan ki sòti nan yon kalifikasyon pou kadefinal Lig dè Chanpyon an, nan mitan semèn lan aprè yon tikè ale retou yo pase Reds Liverpool yo, kapab jwe rès sezon chanpyona Espay la nan chòk sa ki pwograme pou demen aprèmidi nan lè Ayiti.

Real Madrid gen yon obligasyon pou fè yon bon rezilta nan katriyèm Clasico sezon an, pou evite Blaugrana yo pran 12 pwen anplis yo nan batay pou Liga a k ap jwe 26èm jounen l wikenn sa. Kontrèman ak Real Madrid, Katalan yo pa angaje nan pyès konpetisyon ewopeyèn depi eliminasyon yo nan Europa League la fas Manchester United.

FC Barcelone ki pa p gen prezans Pedri ki poko retabli, epi atakan fransè an, Ousmane Dembélé ki toujou blese, ap ret tann demen dimanch lan “Merengue” yo ki pratikman gen tout jwè kad li yo disponib pou batay sa ki anonse desizif pou rès Liga a aprè match ale an te fini nan avantaj Mezon blanch lan ki te genyen (3-1) nan Santiago Bernabeu an.

Nan kad yon move rezilta Real Madrid, Blaugrana yo ap kapab konsève nèf (9) pwen avans yo genyen anplis lan oubyen ranfòse l a 12 avan fen chanpyona a k ap gen pou rive nan douz jounen ankò. Katalan yo lidè Liga a avèk 65 pwen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.