Kontrèman ak enfòmasyon ki ta fè kwè Moïse Jean Charles ta resevwa 2 milyon oubyen 23 milyon goud nan men gouvènman Ariel Henry a pou fasilite delojman selebrasyon fèt 18 me a, se yon kanpay denigreman politik daprè ansyen senatè Nò a, Moïse Jean Charles. Depi aprè gouvènman Ariel Henry an te fin anonse selebrasyon 220èm anivèsè drapo Ayisyen an pa p ka fete nan vil natal li, Akayè, men pito nan vil Okap ane sa a, divès lidè pati politik te endekse ansyen senatè Moïse Jean Charles pou kontrekare desizyon sila a. Lidè pati politik Pitit Desalin lan pa t reponn ak okenn mouvman pwotestasyon kont inisyativ pou selebre anivèsè bikolò a nan Okap. Yon konpòtman ki te pote divès gwo akizasyon sou do senatè a kòmkwa li ta gen yon antant ak gouvènman Ariel Henry an.
Pou yon rezon byen detèmine, gouvènman an pa t deside selebre 220èm lane egzistans drapo Ble e Wouj la nan vil Akayè 18 me 2023 sa a. Anpil moun t ap atann gwo mouvman pwotestasyon kont desizyon sa a. Lidè pati politik Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, te deside rete bouch B fas tranzisyon sa a. Divès lidè politik tankou Rony Timothée, Nicholson Pierre alyas Bab, pou n site sa yo sèlman, revele jou ki te 16 me a, ansyen Senatè a te resevwa plis pase 2 milyon goud nan men gouvènman an pou te fasilite selebrasyon an pase kalm nan vil Okap.
Nan entèvanson l maten 19 me a sou antèn Radio Télé Caraïbes, nan jounal Premye Okazyon, Moïse Jean Charles te deside konfime si l te resevwa apèl antant oubyen lajan nan men gouvènman Ariel Henry an. Wi, vrèman vre, lidè pati politik Pitit Desalin lan konfime li te resevwa apèl direktè jeneral minis enteryè a, Amos Zéphirin. Si n ta kwè deklarasyon ansyen senatè Jean Charles, pa t gen zafè antant ki te pale ni zafè 2 milyon goud kòm òf, men pito yon ti bat bouch sou « selebrasyon 220èm lane nesans drapo bikolò a ki dwe fete nan vil Okap fas ak konjonkti aktyèl peyi a ap fè fas yo. »
Li pèsiste pou fè konnen, » se yon seri nèg k ap mennen yon kanpay politik kont lejitimite mwen genyen nan je pèp la, poukisa se yon bann ansyen senatè 2016 sou PHTK k ap mande m pou m leve kanpe ? Fò k nou wè bagay yo pa klè », deklarasyon ansyen senatè a nan mikwo RTVC.
Moïse Jean Charles konfime NON ! Li pa gen yon goud gouvènman an nan men l pou reyalizasyon seremoni 220 lane drapo Ayiti a. N ap raple seremoni sa a ki fèt 18 me 2023 a nan vil Okap la pa t gen pyès kontrent ni pwotestasyon, okontrè popilasyon Kapwa a te resevwa anbyans lan epi aplodi inisyativ sila a.
Facebook Comments