Moïse Jean Charles pase yon move moman anvan li rantre nan lokal Anbasad Etazini an

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
moïse jean charles pase yon move moman anvan li rantre nan lokal anbasad etazini an

Plizyè rakwen nan vil Pòtoprens peyi a te leve sou brenseng yo jodi 17 oktòb 2022 a, ansyen Senatè Moïse Jean Charles ki te nan tèt manifestasyon an te pèsiste pou l te al depoze revandikasyon l devan Anbasad Tonton Sam nan. Yon anvi ki te pase yon move moman anba gaz lakrimojèn ak bal lapolis.

Pou akazyon 216yèm lane komemorasyon lanmò anperè Nasyon Ayisyen an Jean Jacques Dessalines, nimewo 1 pati politik « Pitit Desalin » nan Moïse Jean Charles, te foule beton an pou kontrekare ansanm desizyon gouvènman Ariel Henry a pran, ki pa danse kole ak popilasyon an. Jodi 17 oktòb sa a te sanse paralize tout aktivite komès yo nan depatman Lwès peyi a, yon mouvman ki te kòmanse pasifikman men ki ta pral enkontwolab nan  rantre komin Taba a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dewoulman manifestasyon an

Manifestasyon an te derape a 10zè nan maten devan plas konstitisyon an ak lokal UDMO Lwès la, aprè seremoni mistik la,  ki toujou fèt abityèlman nan mouvman sa a yo, ki te gen nan tèt li militan FÒS KANAPEVÈ  a Rebert Nossant anpil moun konnen sou non « Design » ak kèk lòt figi, plizyè manm Sektè Demokratik ak Popilè a te prezan. Pami yo Daryl Baltazarre ki Pòt Pawòl youn nan branch pati a. Alòske nou pat remake prezans André Michel, Marjorie Michel ak Nenel Cassy nan manifestasyon an.

11zè 25 minit, manifestasyon an derape, lidè Pitit Desalin nan ki te abò yon moto siklèt, te avanse ak yon milye pwotestatè nan do li, se te tankou yon kanpay elektoral, tèlman foul la te reponn, rive devan lokal « Triomphe » lan, lidè a te reponn plizyè kesyon repòtè nou ki te depeche pou kouvri tout evantyalite mouvman an. « Nap pran direksyon Anbasad Amerikèn, nou se yon peyi aparantyè, nou gen yon fontyyè, piga pyès blan meriken panse yo ka vin mete nou deyò.» Te deklare Moïse Jean Charles.

Anvan 1nè tapan, mobilizasyon an te deja enstale pakèt li sou wout kafou ayewopè a, se la a kawotchyou ta pral kòmanse boule, plizyè gwo wòch ta pral bare tout wout yo, pawòl piman bouk pat sispann repete, anbyans lan pat piti.

Yo te pike pou Dèlma 33, nan sousi pou bay Anbasad Etazini an yon leson li pat janm rekonèt, men fòk nou di tou, pandan tout mouvman an plizyè bakòp polis san plak sila yo ki te gen plak tou, tap siyonnen devan kou dèyè pwotestatè yo, rive nan zòn Karade, nou te ka konstate yon sèn dechoukay nan yon depo sou lari a, moun yo piye byen piye epi pote ale divès kès bwason gazez, epi lòt bagay ki te andedan biznis lan, pat gen prezans okenn bakòp polis, « pa gen polisye, nou fè kont makèt nou, Ariel ap peye pou nou.» Te deklare yon dechoukè ak kagoul nan vizaj li.

3zè ak kèk minit, Moïse Jean Charles rive daplon nan destinasyon li, aprè plizyè ajan PNH te fin lanse plizyè gaz lakrimojèn ak bal reyèl kou bal kawotchyou pou anpeche pwotestatè yo rantre andedan Anbasad la, MJC pase yon move moman anba gaz lakrimojèn, li te menm tonbe sou moto ki te akonpanye l pandan pakou a, li te blije kouri jiskaske l rantre andedan Anbasad la, plizyè militan te rantre andedan lokal Anbasad la. « Li lè, li tan pou popilasyon an al konn kay tout Minis yo, se pou Blan Meriken yo konnen tè sa a pa pou yo, Ayiti se pou Ayisyen», te deklare lidè Pitit Desalin nan.

Èske manifestasyon an te fè resèt?

Wi, manifestasyon an te fè resèt, depi Channmas pou rive nan komin Taba a, presizeman devan Anbasad la, plizyè milye abitan te reponn prezan pou denonse gouvènman Ariel Henry an, selon yon bilan pasyèl repòtè nou te dispoze,  pat gen moun ki te mouri, ni moun ki te blese, jan sa a konn abitye fèt nan manifestasyon pase yo.

Pou fini, Moïse Jean Charles anonse yon konferans pou Laprès demen kap 18 oktòb la, nan lokal Ephrahïm Hôtel la, ki sou wout Dèlma a. Nan lide pou bay pwochen soti mobilizasyon yo epi bay yon rapò sou manifestasyon 17 oktòb sa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.