Mondyal la ap dewoule byen nan peyi Kata, anpil espektak ak anpil emosyon. Sipotè yo ap pwofite mwa sa ak anpil sipriz men depi faz eliminasyon dirèk yo konsa, anpil jwè pa montre yo kontan ditou aprè kèk desizyon abit yo pran. Kit yo genyen e kit yo pèdi. Yon sitiyasyon k ap fè pale anpil aprè ekip Angletè a finn elimine.
Dezisyon ekip abit yo ap pran nan match yo poze anpil pwoblèm. Anpil jwè pa rete nan silans yo, yo takle abit yo epi kritike yo anpil. Menm gwo medya nan peyi sa yo ki elimine nan mondyal la, pa kache mekontantman yo.
Nan match Frans fas Angletè a ki fini (2-1), medya britanik lan Sky Sport ekri sou desizyon mesye Wilton Pereira Sampaio, kote yo bay misye yon nòt 1 sou 10.
« sèl bon dezisyon abit la pran se penal li bay sou Saka. Li bliye bay Hernandez katon wouj la, li pa bay fot sou Kane nan sou liy kare a, e Rabiot te merite yon katon jòn. » Se sa medya anglè a ekri.
Yon lòt bò se jwè yo ki pale anpil sou nivo abit la, ki pou yo ki pat gen nivo pou match sa, daprè Harry Maguire epi Jude Bellingham.
Nan match Pòtigal fas Mawòk la, Pepe ak tout Bruno Fernandes kritike abit la pou match la li tap plede kanpe epi yon penal li pa bay nan premye mitan. N ap raple abit sa se yon abit ajanten, li rele Facundo Tello. Pou pepe misye pa bon ditou.
Ajantin te rive kalifye fas ekip Olandè a men Antonio Mateu Lahoz, youn nan meyè siflè ewopeyen yo, te gaspiye yon match ak plis pase 12 katon jòn. Sa ki pat anpeche Messi ak gadyen ajanten Martinez kritike nivo abit sa sou dezisyon tèt anba li yo.
Demi final yo ap jwe madi ak mekredi anpil ekip menm FIFA pral founi je gade konpòtman abit yo paske bèl fèt sa ka kreye yon lòt polemik aprè koze masi madi a.
Facebook Comments