Mondyal 2022 : Brezil fas Koredisid, yon match enpòtan pou bonè Wa foutbòl la, Pelé

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 brezil fas koredisid, yon match enpòtan pou bonè wa foutbòl la, pelé

Brezil pral chache kalifikasyon l pou kade final nan mondyal la fas ekip Kore di Sid, jodi lendi a, yon viktwa k ap fè Wa foutbòl la byen anpil, paske depi madi, ansyen atakan brezil la Pele, pa pote l byen akoz yon enfeksyon respiratwa. Jwe Tite yo ap konte sou retou Neymar pou match sa.  

Brezil ki ap swiv rèv li nan peyi Kata, kote Seleçao ap chache yon sizyèm etwal, pendan y ap batay pou yo pa kite Pele mouri san mayo jon e vè a pa gen 6 etwal la ladan l. Aprè kèk jou lopital fanmi lejann lan, te bay nouvèl sou sante ansyen champyon an. Kote yo anonse li pa pi mal pase sa, malgre li toujou malad.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon tweet, Rodrygo te pataje sou kont li samedi a, pou l te montre amou ak apresiyasyon l pou star brezilyen an. « Kouraj, Wa Pelé ! Anpil priyè ak ankourajman pou retablisman w. » 

Pelé ki pat rete nan silans li malgre eta sante l, li te pibliye yon mesaj sou Isntagram pou l te ka rasire tout kompatriyòt li yo, kijan l santi l.  “m vle rasire tout moun. Mw fò e m gen anpil espwa e m ap kontinye tretman mw yo toujou. »  

Pelé se sèl  jwè  ki ranpòte konpetisyon sa 3 fwa nan karyè l (1958, 1962, 1970). Brezil se favori nimero 1 pou 22e edisyon sa, yon ekip Brezil ki gen 20 lane depi l pa jann fè yon final. Tite ak ekip bèl jwè li genyen yo pral fè tout sa yo konnen pou fè kè brezilyen yo kontan. Men fòk yo elimine ekip Kore a pou yo ka pouse rèv la pi lwen.  

Denyè match Brezil fas Kore di Sid te fini (5-1), se te yon match amikal.  Yon rankont nan yon mondyal se yon bagay serye kote tout jwè ap defann mayo peyi yo ak yon lòt mantalite.   

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive