Rate gaz la kòmanse santi di nan kè Pòtoprens lan 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
rate gaz la kòmanse santi di nan kè pòtoprens lan 

Definitivman peyi a sanble kondane pou fè fas ak yon rate pwodwi petwòl san kanpe. Kèk semèn aprè fòs lòd yo fin debloke tèminal Varreux a, yon nouvo ratman gaz kòmanse fè santi prezans li nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.  

Anpil ponp gaz kòmanse fèmen sèvis yo. Chofè transpò piblik yo kòmanse chofe devan estasyon gaz yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sitwayen yo di yo pè pou nouvo rate pwodwi petwòl sa a k ap vini sou mache lokal la. Yo mande Premye Minis Ariel Henry pou l pran dispozisyon nesesè pou mete gaz la disponib andedan tout ponp yo kòmsadwa. 

Pandan wikenn nan, rimè yo pa sispann klenyonnen sou tout rezo sosyal yo, enfòmasyon yo ta fè kwè gouvènman an prevwa ogmante pri gaz la yon lòt fwa ankò nan jou k ap vini yo, alòske pri gouvènman an te fikse a te deja ogmante a plis pase 100 pousan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.