Mondyal 2022 : èske ekip Kowasi a ka repete sa l te fè 2018 la ?  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 èske ekip kowasi a ka repete sa l te fè 2018 la   

Aprè 4 lane, depi Kowasi te fin pèdi final la fas ak Lafrans nan peyi Larisi, Kowat yo tounen nan peyi Kata ak menn motivasyon an, malgre ekip yo a granmoun anpil, Luka Modric ak Livakovic toujou la. Kesyon anpil analis ap poze : èske Kowasi sa ka jwe fas ak solid ekip japonè a e repete sa l te fè nan peyi Larisi a ?  

Se nan gwo difikilte ekip Kowasi a te fini dezyèm nan gwoup F la, kote koekipye Luka Modric yo te bat sèlman Kanada (4-1), fè (0-0) ak Mawòk pou premye match yo e anpeche Bèljik kalifye kote yo te fè  yon lòt (0-0). Ekip Kowasi a fèb anpil nan pwodiksyon jwèt li, ak yon ekip jwè ki depase trantèn yo, li difisil pou jwè foutbòl voukap voukap yo te jwe nan mondyal avan. San n pa bliye yo pèdi anpil jwè ki te enpòtan anpil pou yo tankou Mario Mandzukic ak Ivan Rakitic, jwè sa yo pran retrèt entènasyonal yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, ekip Japon an montre li solid, nan fason li defann ak jan li siprann advèsè li yo nan kont atak, rezilta yo fas ekip Almay la ak Espay te pèmèt yo fini premye nan group yo a ak 6 pwen. Se yon ekip ki jwe ak anpil disiplin e fè tranzisyon yo rapid.   

Jodi lendi, youn nan 2 ekip sa yo ap elimine. Li enpotan pou n tann kiyès nan yo kap kalifye pou kade final e rete tann ekip Brezil la ou Koredisid. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive