Kanada mande tout kominote entènasyonal la pou yo swiv egzanp li 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kanada mande tout kominote entènasyonal la pou yo swiv egzanp li 

Lendi  5 desanm 2022 a, Kanada mande kominote entènasyonal la  pou l suiv direksyon li epi enpoze sanksyon sou gang ak sipòtè yo, apre li te fin anonse nouvo sanksyon kont manm kòwonpi nan elit ekonomik Ayisyen an. 

Minis Afè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Joly, kwè aksyon sa yo ka ede pèp ayisyen an sòti nan kriz sa a epi retabli lapè ak sekirite nan peyi yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Kanada jwe yon wòl prensipal nan sanksyon manm elit la pou anpeche yo sipòte gang k ap fè zak vyolans kont pèp ayisyen an, » te deklare Minis Joly nan yon kominike. 

Nan semèn ki sot pase yo, gouvènman Trudeau a te pran divès mezi pou mennen elit politik ak ekonomik peyi d Ayiti  a chanje konpòtman yo. 

Sanksyon sa yo, ki gen ladan yon entèdiksyon sou tranzaksyon yo, friz  tout lajan yo ak nenpòt byen yo genyen nan peyi Kanada, vize kèk manm nan elit ekonomik ak politik peyi a, tankou Gilbert Bigio, Reynol Deeb, Sherif Abdallah, Michel Joseph Martelly, Laurent Lamothe, Gary Bodeau, Jean Henry Céant, Rony Célestin, Hervé Lenine Fourcand, Joseph Lambert, Youri Latortue ak chèf gang Jimmy Cherizier (Barbecue). 

17 novanm 2022, sanksyon kont 6 lòt manm elit politik ayisyen an te antre an aplikasyon. Nan dat ki te 10 novanm 2022, Kanada te mete nan lwa Kanadyen, dapre Lwa Nasyonzini, Rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini 2653 ki bay sanksyon, an repons ak kondwit inakseptab gang kriminèl yo  ann Ayiti.  Sanksyon yo te enpoze yon entèdiksyon sou operasyon kont yon chèf gang ayisyen. 

Nan dat 4 novanm 2022, Kanada te anonse sanksyon kont 2 lòt moun an repons ak konduit inakseptab manm elit politik Ayisyen an ki bay sipò finansyè ak operasyon ilegal ak gang ame yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.