Mondyal 2022 : Messi anonse final sa se dènye match li  

Netalkole Media
ParNetalkole Media
mondyal 2022 messi anonse final sa se dènye match li  

Aprè Ajantin fin kraze kwoasi nan premye demi final la yè madi a, Lionel Messi fè  konnen, final sa ap dènye match li nan zafè mondyal. Posibilite pou ekip Ajantin nan pran 3e koup li, yon tit Messi  ap kouri deyè l depi 16 lane. (5 patisipasyon), yon rèv ki kapab vin yon reyalite dimanch 18 desann sa.  

Ekip Ajantin nan kalifye pou final, aprè yo finn pase ekip kwoasi a 3-0. Messi ki te youn nan majisyen yo ap tann final sa ak enpasyans. Jwè 35 lane a fè konnen final sa ap dènye match li nan zafè mondyal.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » M kontan anpil pou m ap kanpe nan zafè mondyal nan yon final, kote m pral jwe denyè match mwen. Wi m kwè sa ap denyè a! Lòt edisyon an se nan kèk ane e m pa kwè m ap patisipe. Fini konsa, se yon bon bagay. Anpil bagay ap pase nan tèt mw, se yon bagay ki san parèy m ap viv la. Pou m wè  tout moun sa yo, fanmi m. Nou pral jwe yon denyè match, se sa nou tout te vle, nou la pou sa, m pran plezi m anpil nan mondyal sa. Depi lè m rive a m te fè gwoup sa anpil konfyans, se yon bagay eksepsyonèl n ap vi la. M panse ak fanmi m ki toujou prezan pou mwen, nou pral profite moman sa ak tout ajanten yo. »  Pawòl Messi bay yon jounalis ki rele Relevo Sergio Santos 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.