MUSAH deside akonpaye Fanm nan Tòbèk yo 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
musah deside akonpaye fanm nan tòbèk yo 

Multi Services Agricole Haïtien (MUSAH) lanse ofisyèlman yon pwojè agrikòl pòs seyis pou 80 fanm k ap pwodwi mayi ak pwa nan Biren dezyèm seksyon komin Tòbèk. Yon pwojè ki vize valorize medam yo epi akonpaye plantè yo, nan zòn sila. Kowòdonatè MUSAH a, Agwonòm Jhems Aristil, fè kwè Milti sèvis la p ap kite medam yo pou kont yo. 

Prezidan MUSAH Jean Sergot Mathieu, fè konnen agrikilti a neglije anpil nan Biren. Yon lòt bò li bat bravo lakontantman pou fanm nan zòn sa ki gen anpil kouraj pou yo travay epi yo pa pè lapli. ” Medam Biren an yo kwè nan fè Jaden yo epi yo djanm”, deklarasyon Prezidan MUSAH. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Asistan responsab Biwo Agrikòl komin Tòbèk la, Agwonòm Fontaine Guy Robert di l ap pote anpil apwi bay plantè nan zòn sa. Kote y ap gen pou entèvni nan fè fòmasyon pou plantè yo. Pandan y ap asire yo tout bagay ap byen mache nan kad pwojè a. 

Doktè nan Agrikilti a Agwonòm Jhems Aristil, di li espere pwojè a ap yon reyisit pou zòn lan. Epi li pral pèmèt medam yo konn valè pwa yo peze nan sosyete a. 

REDACTION : Kethia Saint Marc

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.