Mondyal 2022 : objektif Messi se champyon  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 objektif messi se champyon  

Koupdimonn lan prèske rive nan bout li, Messi ak Ajantin ap toke kònn yo fas Kowasi aprè yo te finn kalifye nan doulè kont ekip Peyi Ba. Pou premye demi final yo, se fas ekip Luka Modric la, ki te elimine Brezil, ajanten yo pral bat pou yo rive nan final aprè 2014 nan peyi Brezil kote yo te pèdi fas ak Almay (0-1). Pou Messi objetik la pa lòt se genyen koup la. 

Depi mondyal la komanse pou seleksyon ajantin nan, Messi konpòte l an vrè lidè pou group sa, sou teren e menm nan vestyè. Anplis de sa, se tout yon peyi ki kanpe deyè jwè PSG a. Yon motivasyon ki bay anvi ak Pulga pou l al chache 3e tit peyi l nan zafè koupdimonn e antre plis nan istwa jwèt sa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lionel Messi ap patisipe nan denyè mondyal li, li sou 5e patisipasyon li, se bon moman pou l t ap genyen koup sa. Yon tit ki t ap mete fen ak anpil pale anpil sou meyè jwè tout tan nan foutbòl la. Jwè ki genyen Balon dò a 7 fwa deja gentan fè 4 gòl, posibilite pou li ta make ankò fas Kwoasi jodi madi a.  

Yon lòt bò ekip Kwoasi nan pozisyon pou l tounen nan final ankò aprè final yo te fin pèdi fas ak Lafrans lan nan peyi Risi. Koyekipye Luka Modric yo detèmine pou yo jwe e fè bonè fanatik yo. Men gwo kesyon kap poze a èske Kwoasi ap kapab kontinye senaryo li a fas ekip Ajantin nan. Ki se trennen advèsè li yo nan tire penal nan kan.  

Yon sèl bagay, ant Messi epi Luka Modric, youn nan 2 nimewo 10 sa yo pap rive nan final.  Li posib pou 2 jwe sa yo pa gen posibilote pou jwè yon lòt koupdimond. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive