Aprè yon gwoup militan te deside ofanse estati papa nasyon an ki sou Chanmas la nan jou ki te 20 septanm pase a, yon lòt gwoup sitwayen, [aprè yon premye gwoup], te pran desizyon pou netwaye moniman sila, lave l ak dlo pou rann li pi bèl.
Plizyè fanm ak gason te deside ayè jedi 29 septanm nan pou yo al ofri papa Jean Jacques Dessalines yon beny byen merite, yo lave moniman an byen lave ak dlo ak presyon epi dekore l aprè.
N ap raple, yon premye gwoup sitwayen te deja ofri moniman sila yon ofrann floral kèk tan aprè plizyè militan te fin sal li ak fatra pou te voye yon mesaj bay Moïse Jean Charles ak tout pati politik li Pitit Desalin, nan jou ki te mennen 264e anivèsè anperè a, 20 septanm pase a.
Depi lè sa genyen anpil zye ki vire sou estati Dessalines nan k ap veye Chanmas la depi plizyè deseni. Pou kounya, li pwòpte souvan : yon jès ki mete lajwa nan kè pèp ayisyen an.