Moun ki te gen plis laj nan mond lan mouri 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
moun ki te gen plis laj nan mond lan mouri 

Alòske li pat lwen pou l te selebre 119yèm anivèsè li, dwayèn limanite a mouri 17 janvye 2023 a bò 2 zè nan maten. Sè André, ki se yon Fransèz, pati etènèlman ayè madi a ak 118 lane. 

« Gen yon gwo tristès, men l te vle sa. Li te swete al jwenn frè li renmen anpil la. Pou li menm se yon liberasyon », se konsa David Tavella anonse nouvèl la – li se chaje kominikasyon etablisman kote defen an te nan retrèt depi kèk tan.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Non nesans li ki se Lucile Randon, fanm sila fèt nan lane 1904, yon 11 fevriye. Aprè tout pakou li fè sou latè, li te menm rive deklare bay AFP nan lane 2022 « Bondye pa tande l » tèlman l te vle fè gran vwayaj sa. 

« Yo di travay touye moun, mwen se travay ki fè m viv. Mwen travay jiska 108 lane », se deklarasyon Sè André nan mwa avril 2022, aprè yo te fin nonmen l dwayèn limanite aprè lanmò Japonèz Kane Tanaka ak 119 lane. 

Pa gen okenn òganizasyon ofisyèl ki bay tit sa yo, men espesyalis yo te dakò Sè André se te pi ansyen moun ki vivan toujou sou latè aprè yo te verifye eta sivil li. Liv Rekò Guinness te menm anrejistre rekò sa a tou 25 avril pase 

Li te renmen bay blag sou yon rekò li te vle bat, ki se pa Jeanne Calment ki te mouri a 122 zan nan lane 1997, nan sid Lafrans, nan “Arles”. Jiskaprezan Jeanne Calment rete moun ki viv plis tan sou tè sa epi eta sivil li te verifye.  

Youn nan pi gwo regrè Sè André te genyen se paske l te paralize nan yon chèz woulant, li te avèg. Li te swete pa t pèdi pyès nan kapasite li yo pou l te kontinye ofri antouraj li sèvis. Malgre tout sa yo, n ap raple li te travèse peryòd kowonaviris la san okenn difikilte, epi li te menm vin yon senbòl espwa nan mond lan. 

Fransèz la te reponn ak prèske tout demann sof si yo te mande l kèk branch cheve li oubyen rechèch ADN, li pa t danse kole ak bagay sila yo. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.