CARICOM lanse yon konkou logo pou 50yèm anivèsè li 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
caricom lanse yon konkou logo pou 50yèm anivèsè li 

4 jiyè 2023 k ap vini la ap make 50yèm anivèsè Kominote Karayib yo (CARICOM), nan okazyon sila Sekretarya Kominote Karayib yo (CCS) lanse depi ane pase 50yèm konkou logo yo pou ane sa. 

Konkou sila vize sansibilize resòtisan ki fè pati CARICOM yo sou wòl, enpòtans ak reyalizasyon Kominote a nan pwogram devlopman entegrasyon rejyonal yo pandan 50 dènye ane sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

CCS fè konnen, anplis de sa, konkou a ap pèmèt moun ki sòti nan peyi ki fè pati Kominote Karayib yo pou yo enplike aktivman nan selebrasyon sila, yon mannyè pou ankouraje kreyativite, inovasyon ak aprantisaj lakay yo, pandan y ap makonnen ansanm idantite CARICOM nan, espri kominote ak linite. 

Pou yon moun patisipe fòk li genyen omwen 18 lane, sinon l ap oblije resevwa konsantman yon paran oubyen yon responsab.  

Logo a dwe ale pye pou pye ak eslogan ane sa ki se « 50 lane solid : yon baz solid kote w ka bati ». Moun ki genyen an ap jwenn yon prim 1500 dola ameriken.  

Pou logo yo valide, fòk se pa vwa elektwonik pou yo bay yo gras ak yon fòmilè enskripsyon an liy. Patisipan yo dwe remèt travay yo a pa pi ta 25 janvye 2023, daprè Sekretarya Kominote Karayib yo, ki bay plis detay sou sit https://caricom.org nan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.