MSPP resanse plis pase 6 mil ka sispèk kolera 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
MSPP resanse plis pase 6 mil ka sispèk kolera

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) kontinye bay gwo alèt sou evolisyon kolera nan peyi d Ayiti. Konsa nan yon bilan li pibliye nan dat 8 Novanm pase a, li enfòme li jwenn plis pase 6 mil moun yo sispèk ki ta genyen maladi a anndan yo. 

Bilan MSPP a pati konsa: 6 mil 846 ka sispèk, 680 ka konfime ak 136 moun ki mouri, pami yo 47 desè kominotè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ministè Sante Piblik enfòme jiska dat 7 Novanm nan ka kolera yo jwenn nan depatman Grandans lan potko rantre nan done yo, daprè ansyen depite Pòsali Sinal Bertrand, ki te tou fè yon kout pye nan depatman Sid la pou wè jan sitiyasyon sanitè a ap evolye. 

Ka kontaminasyon ak Kolera yo ogmante anpil. Nan nouvo bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) pibliye sou evolisyon maladi a, li konfime epidemi an ap vale teren a gran pa, san konte deja gen plis pase yon santèn moun ki mouri akòz maladi a. 

N ap raple kolera se yon maladi orijin “idrik” sa vle di ki pwovoke yon dyare “egi” kay moun ki kontamine a epi ki ka lakòz li mouri si yo pa trete l bonè. Medsen yo rekòmande pou fè fas ak maladi a, yon ijyèn men san neglijans, konsomasyon aliman ki byen lave ak kuit, konsomasyon dlo potab epi evite manje manje ki fèt epi y ap vann nan lari. 

Se kèk mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la nou te kòmanse idantifye ka kolera yo an Ayiti. Epidemi sa a te fè anpil ravaj nan mitan popilasyon ayisyèn nan, sa ki te lakòz lanmò prèske 10,000 moun, daprè Unicef. Anvan popilasyon an te kwape maladi sa a, li te soufri anpil domaj ak kontaminasyon prèske 820 000 moun. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.