Nadal ak Djokovic ap ka rankontre sèlman nan  final Open Australie a  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
nadal ak djokovic ap ka rankontre sèlman nan  final open australie a 

Jodi jedi a, tiraj Open Australie a fèt, Rafael Nadal ki se jwè ki te pran dènye edisyon an pa byen soti nan tiraj yo menm si li pap jwenn rival li, ki se Novak Djokovic. Yon match konsa posib nan final Open Australie a.  

Tiraj Open Australie a fèt, anpil gwo rankont ap tann fanatik yo pou mwa janvye a. Nadal ak Djokovic pap ka rankontre avan gran final la. Djokovic se favori pou tounwa sa nan vil Melbourne, men li dwe bat Andy Murray pou l ale lwen nan konpetisyon an.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

San n pa bliye gwo rankont sa ant Andrey Rublev ak Dominic Thiem nan premye tou a. 

Se vre Rafael Nadal pap jwenn ak Djokovic, men sou wout espanyòl la genyen Daniil Medvedev ak Stefanos Tsitsipas ki montre yon bon nivo pou dènye tan sa yo.  

Men rankont k ap genyen pou uityèm final yo 

Rafael Nadal – Frances Tiafoe 

Hubert Hurkacz – Daniil Medvedev  

Stefanos Tsitsipas – Jannik Sinner  

Cameron Norrie  – Félix Auger-Aliassime  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Andrey Rublev- Holger Rune  

Pablo Carreno Busta – Novak Djokovic  

Taylor Fritz – Alexander Zverev  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Matteo Berrettini  – Casper Ruud 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive