Nan peyi End, yon bebe fèt ak 14 dwèt, 12 zòtèy

Jim Larose
ParJim Larose- Rédacteur
nan peyi end, yon bebe fèt ak 14 dwèt, 12 zòtèy

Yon tifi, ki fèt nan yon lopital nan Bharatpur, nan eta Rajasthan nan zòn nò ann End, gen sèt dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye. Si doktè yo pale de yon anòmali jenetik, sante li pa menase nan okenn fason.

Alòske doktè yo dekri kondisyon ti bebe a tankou yon anòmali jenetik, fanmi tifi a bò kote pa l, te kontan anpil. Selon Daily Mail, paran bebe a te rele anmwe piblikman, paske selon yo menm, ti bebe yo a ta reyenkanasyon Dholagarh Devi, yon divinite end ki gen tanp tou pre lopital la. Estati divinite sa se yon jèn fi ki gen plizyè bra.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Frè manman timoun lan te di medya lokal yo dapre Daily Mail: “Sè m lan te fè yon ti bebe ki gen 26 dwèt, epi nou konsidere l kòm enkanasyon Dholagarh Devi. Nou kontan anpil.” Papa ti bebe a, yon kontab nan Central Reserve Police Force, te di li kontan tou, paske pitit li a fèt ak plizyè dwèt ak zòtèy anplis.

Doktè BS Soni, yon doktè nan lopital kote ti bebe a fèt la rapòte : « Pa gen anyen ki mal ak 26 dwèt la. Men nou dakò se yon anòmali jenetik. Grenn bagay nou ka di, malgre anòmali sa, nou ka asire paran yo timoun lan pa gen okenn pwoblèm sante.»

Dapre Daily Star «kondisyon timoun lan rele “polidaktili.”» Bò kote pa l, Boston Children’s Hospital di anòmali jenetik sa afekte apeprè yon timoun sou 500 a 1,000. «Sepandan, se sèlman yon sèl men ki afekte nòmalman, sa ki fè ka sa patikilyèman ra!».

Anòmali jenetik sa toujou rive pandan ti bebe a nan vant manman l lè li pran twòp tan pou dwèt timoun nan pouse. Nan moman n ap ekri atik sa a, nou pa konnen si fanmi an planifye fè ti bebe a fè operasyon pou retire dwèt ak zòtèy anplis yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jim Larose
Par Jim Larose Rédacteur
Follow:
Journaliste-Rédacteur • Écrivain • Juriste • Ami de la lecture • Passionné des métiers de la plume.