Vinicius kapab kite Liga pou koze rasis sezon k ap vini

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
vinicius kapab kite liga pou koze rasis sezon k ap vini

Aprè pawol rasis ak move tretman Vinicius te resevwa nan match Real Madrid fas Valence (0 -1), dimanch pase. Anpil jwè ak dirijan pote soutyen yo ak api sikojik yo ak Brezilyen an. Viktim plizyè fwa pou sezon an ak move konpòtman ekip advès yo epi pawòl rasis, Vinicius kapab kite chanpyona espanyòl la aprè l te deklare se tout peyi Lespay ki rasis, li prè pou l batay kont diskiminasyon rasyal sa k ap ravaje mond lan.

Fanatik Real Madrid yo enkyè epi tris aprè ensidan grav sa ki te pase nan match Real Madrid-Valence lan. Anpil kwè jwè a kapab kite klèb la sezon k ap vini pou koze rasis li sibi pandan 2 fwa, youn fas ekip Atletico Madrid la, kote Liga te sanksyone moun ki te gen konpòtman sa pou pa rantre nan estad, epi y ap peye yon amann 4 000 ewo. Sa ki pa anpeche sitiyasyon an vin pi grav.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dimanch pase, malgre jèn jwè Brezilyen an te viktim aba pawòl rasis sipotè Valence yo, sa pa t anpeche abit la te mete l deyò aprè batay ak kèk jwè Valence ki te atake l. Yon diskisyon dirijan liga yo kondane epi sanksyone tout kò abitral la.

Aprè match la, Vinicius te pale konsa nan mikro laprès:  » m ap batay kont rasis jiskobou, menm si m ta lwen isit la ».

Jodi madi a, antrenè Real Madrid la, Carlo Ancelotti te bay kèk esplikasyon sou jan jwè a ye aprè ensidan sa, pou l te rasire fanatik yo Vinicius ap rete sezon kap vini.

« M pa kwè Vinicius ap kite chanpyona, paske l renmen Real Madrid. Lanmou l pou klèb la gran anpil anplis li vle fè yon karyè isit la. M ap ba l tout tan li vle pou l kapab travèse moman sa. M ap di Vinicius li pa pou kont li, se anpil moun ki kanpe ak li, menm gran rival li yo », deklarasyon teknisyen italyen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive