Yon peryòd nwa pou Cristiano Ronaldo ak Manchester United 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon peryòd nwa pou cristiano ronaldo ak manchester united 

Jedi 8 Septanm nan, Manchester United tonbe lakay li devan Real Sociedad (0-1) nan kad premye jounen Europa League la. Se te dezyèm titilarizasyon Cristiano Ronaldo depi lè sezon 2022-23 a koumanse. Pou jis kounya, pòtigè a poko jwenn anyen pou l mete anba dan l. 

Pyès moun pa t atann ak yon kòmansman sezon konsa pou Cristiano Ronaldo, li menm li pa t ap tann sa tou. Alòske li te fè konnen li te vle kite ekip Manchester United la paske yo pa t kalifye pou Champions League, atakan pòtigè a t oblije rete nan klèb la paske li te endezirab tout kote yo te pwopoze l yo. Farin nan pa vin nan menm sak sezon sa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avèk Erik Ten Hag nan tèt Red Devils yo, Cristiano kòmanse sèlman 2 match nan sezon sa. Sa k pi rèd la, li pèdi tout 2 match li kòmanse yo. Ayè jedi a, Manchester United konnen yon defèt pou antre li nan Europa League la. Nan gwoup E a, se espànyòl yo, Real Sociedad, ki bat ekip vil Manchester a (0-1) nan Teyat rèv la. 

Depi lè sezon 2022-23 a tanmen, Cristiano jwe 297 minit nan 7 match. Li poko janm jwenn wout filè a depi lè sa. Nan dezyèm mitan match Europa League la, nèg ki gen 5 balon dò a te sekwe kò l anpil pou l te rive enskri non l nan tablo a. Men yon lòt fwa ankò sa pa t rive fèt. Anpil dout ap enstale nan lespri fanatik sipèsta mondyal la ki trè lwen pi bon nivo l la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.