Nasyonzini anonse ayè madi 17 me a yon èd ijans 9 milyon dola pou reponn ak kriz imanitè aktyèl la ki pa sispann deteryore nan peyi d Ayiti, anplis akoz sipò donatè ki pa genyen.
Daprè Nasyonzini, Ayiti sibi yon “deteryorasyon masiv nan sitiyasyon imanitè a akòz zak vyolans yo ak ensekirite a k ap vale tèren”.
Nan 5 dènye ane ki sot pase la yo, kantite ayisyen ki te bezwen asistans imanitè yo double, rive 5.2 milyon, e ane pase kantite timoun ki soufri malnitrisyon grav yo ogmante ak 30%. Se pou rezon sila Nasyonzini debloke fon sila.
Lajan an soti nan Fon santral entèvansyon Ijans la, e se chèf imanitè òganizasyon an, Martin Griffiths, ki apwouve li, daprè sa pòtpawòl Stéphane Dujarric te di.
Pandan tan sa, plan repons imanitè Nasyonzini ki te fèt pou ane sa a te resevwa sèlman 12% nan 720 milyon dola yo konsidere kòm nesesè nan men donatè yo.
N ap raple, akoz ensekirite a k ap penpennen kò l sou tout teritwa a, popilasyon an ap fè fas ak yon kriz imanitè san parèy, anplis lòt kriz yo tankou sanitè. Plizyè katye nan nesesite èd, men malerezman yo anba kontwòl bandi ak zam k ap twoke kout zam lannwit kou lajounen. Nan mwa Oktòb 2022, premye minis Ariel Henry te mande pa bò kote Nasyonzini sipò yon fòs entèvansyon pou vin ede l jere sa, jouk rive jounen jodia anyen pa janm fèt, alòske bezwen imanitè popilasyon an pa sispann ogmante.
Facebook Comments