Ak yon diskou motivan, Hervé Renard fè Arabi Sawoudit ranvèse Ajantin 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
ak yon diskou motivan, hervé renard fè arabi sawoudit ranvèse ajantin 

Arabi Sawoudit siprann tout moun nan premye jounen Mondyal la lè l bat Ajantin pandan yo t ap mennen sou li. Se yon diskou Hervé Renard fè aprè mitan an ki fè nèg yo te reprann yo pou fè eksplwa sa.  

Tout moun te wè jan Arabi Sawoudit te chanje destin match la devan Ajantin, men pèsòn pa t wè sa k te kache dèyè viktwa sa. Federasyon foutbòl nan peyi Arabi Sawoudit la mete deyò yon videyo kote antrenè a, Hervé Renard t AP motive jwè l yo aprè mitan an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan videyo a, nou ka wè antrenè Fransè a k ap monte desann nan vestyè a pandan l ap pale byen fò ak jwè l ki te chita. Li t ap pale avèk raj epi anpil entansite pou l reveye jwè l yo. Renard t ap pale nan lang Shakespeare la e tradiktè a te mete menm enèji a pou l fè jwè yo bye konprann. 

« Kisa n ap fè la ? Ki presyon sa ? Messi nan mitan teren an ak balon an epi n ap gade l lwen. Nou bezwen yon foto avè l ? Kounya nou pral jwe kòmsi se te dènye chans nou. Nou pa panse n ka retounen nan match la ? Nou pa santi sa ? Se yon Mondyal li ye mesye, respekte peyi nou » konsa Hervé Renard te pale ak jwè l yo. 

Kèk minit aprè li remonte teren an, ekip Arabi Sawoudit la fè 2 bèl gòl ki vin ba l avantaj la nan match foutbòl sa. Ekip Ajantin nan pa t janm rive egalize e Arabi Sawoudit bat Ajanten yo pou premye fwa nan istwa Mondyal la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.