Òganizasyon pwochen eleksyon yo prevwa pou ane 2024 ?

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Òganizasyon pwochen eleksyon yo prevwa pou ane 2024

Nan kad fowòm Wo konsèy tranzisyon an (HCT) ki te òganize nan dat madi 23 ak mèkredi 24 me ki sot pase a, panel ki t ap diskite sou gouvènans peyi a pwopoze pou pwochen eleksyon yo òganize nan yon lane ankò, presizeman pandan ane 2024 la.

Wo Konsèy tranzisyon an ki te reyini nan Karibe Convention Center, pandan de jounen travay, sòti ak yon deklarasyon pati politik ak òganizasyon sosyete sivil ki te prezan yo fè ansanm pou pwopoze pwochen eleksyon yo òganize pandan ane 2024 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manm HCT yo ki te anonse yon gran fowòm kote yo t ap gen pou chita pale sou kriz peyi a ap konnen dènye ane sa yo sòti avèk yon latriye pwopozisyon pami yo pwochen eleksyon yo k ap abouti ak nouvo eli yo k ap gen pou pran fonksyon nan lane 2025.

Nan deklarasyon sa patisipan yo fè ansanm lan nan fen fowòm sa, genyen pwopozisyon ki mande pou genyen yon Konsèy elektoral pwovizwa ki kanpe avan menm fen mwa me an. Daprè enfòmasyon ki te deja disponib, HCT a ta deja gen yon lis 20 non pou Chèf gouvènman an, Ariel Henry, chwazi manm KEP yo.

Pati ak estrikti sosyopolitik pwòch pouvwa yo ki te prezan pandan de jounen travay sa yo nan Karibe Convention Center an pwopoze egalman pou ta genyen yon lòt pase men nan gouvènman an nan kòmansman mwa jen an.

Chanjman konstitisyon an te pami sijè ki te sou tab diskisyon yo egalman. Wo konsèy tranzisyon an ansanm ak estrikti sosyopolitik siyatè akò 21 desanm 2022 an swete genyen yon lòt konstitisyon ki ta dwe pare nan fen ane a, presizeman ant septanm a desanm 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.