Omwen 10 moun mouri nan peyi Kanada nan plizyè atak ak kouto 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : MAXPPP - Heywood Yu

10 moun pou pi piti mouri nan plizyè atak ak zam blanch (kouto) nan peyi Kanada. Yon lòt kote genyen 15 lòt moun ki sòti blese swit ak zak la ; ka ki pi grav yo lopital ap pran swen. 

Jandamri wayal Kanada a deklare otè zak yo blese ak touye moun yo nan 13 kote diferan sou teritwa kanadyen an, nan lokalite James Smith Cree Nation ak Weldon, nan Saskatchewan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè lapolis kanadyèn, genyen nan moun ki viktim pandan atak ak kouto sila yo se pa aza, men kriminèl yo te genyen moun yo te sible dirèkteman.  

Pou kounya otorite yo fè konnen y ap chèche 2 nonm yo idantifye kòm moun ki ta komèt zak malonèt sa : Damien Sanderson, ki genyen 31 lane, epi Myles Sanderson, 30 lane. Tou de nan mawon.  

Malfektè yo t ap vwayaje abò yon SUV Nissan Rogue tou nwa, nimewo plak la se 119MPI, men ta sanble yo toke l ak yon lòt machin, daprè otorite yo nan Kanada.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.