Ogmantasyon pri gaz : Biwo Swivi Akò Montana a mande gouvènman an pou I tounen sou desizyon l 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
Ogmantasyon pri gaz : Biwo Swivi Akò Montana a mande gouvènman an pou I tounen sou desizyon l 

Biwo Swivi Akò Montana (BSA) nan yon nòt pou laprès li pibliye lendi 3 oktòb 2022 a, mande Gouvènman Ariel Henry ap dirije a pou li tande rèl popilasyon an ki pa pakab ankò ak lavi chè, ensekirite elatriye, pami lòt bagay, pou retire desizyon li pran  pou ajiste pri pwodwi petwòl yo sou mache lokal la. 

Nan nòt sa sou sitiyasyon kritik peyi a ap fè fas la, BSA fè konnen li gen anpil enkyetid sou deteryorasyon kondisyon lavi sitwayen ayisyen yo nan peyi a. « Kolera reparèt anfos nan peyi a pandan lopital ap fèmen youn apre lòt, pandan konpayi dlo trete oblije Kanpe, pandan popilasyon an paka jwenn dlo pou yo bwè, kote tout aktivite ki gen itilizasyon gaz ladan I paka fonksyone. Machann yo nan soufrans ak tout fanmi yo, chofè moto ak transpò piblik an soufrans ak Fanmi yo, moun malad ap mouri lakay yo, prizonye ap mouri grangou nan prizon, andikape ap mouri Paske asistans asosiyasyon yo pa ka rive sou yo. Kidnapin, vyòl, asasina kontinye ap vale teren », fè konnen BSA nan nòt li a. 

« Fòk pouvwa ilegal ki fè dappiyanp sou Leta a ak akolit politik ak ekonomik li yo, si yo pa nan konplisite ak gang, pran dispozisyon pou debloke sitiyasyon sa a. Gang yo gen mèt k ap aktive yo lè yo vle. Yo Mete peyi a anba syèj sanble pou yo ka jwenn entèvansyon etranje k ap pèmet yo asire enpinite yo. Lapolis nasyonal la, si I jwenn bon jan asistans teknik entènasyonal, fòmasyon rapid ak ekipman ap Kapab fè fas ak sitiyasyon sa a. Se pou sa Montana di NON ak okipasyon tèritwa ki pa janm bay Okenn rezilta okenn kote », deplore Biwo Swivi Akò 30 dawou a, tout pandan lap mande pou yo debloke wout ki menenen nan Tèminal Vare a, pou fasilite distribisyon pwodwi petwòl yo nan ponp yo, konsa pou popilayson an ka jwenn gaz pou yo regle aktivite yo, epi pou lopital ki fèmen yo louvri pòt yo. 

Yon lòt bò, BSA fè konnen pou Mouvman revandikatif pèp Ayisyen an pou lavi miyò, pou libète I ak souvrente I dwe kontinye pasifikman, san menas ak vyolans sou moun, san kraze brize. Tout pandan BSA renouvle senpati I bay tout viktim yo. Li Kondane zak vyolans ak represyon Lapolis ap komèt sou popilasyon an, nan sans sa li mande Lapolis la sonje Misyon I se pwoteje ak sévi, epi li mande Lapolis la pou li akonpaye popilasyon an nan respè dwa li lè I ap Revandike yon lòt kalite lavi ak lòt kalite dirijan.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.