Nan kad referandòm ki t ap òganize nan peyi Chili pou chanje konstitisyon an, pèp chilyen an voye jete an mas, jounen dimanch 4 septanm lan, pwopozisyon nouvo konstitisyon sa ki te vize ranplase sa ki te la sou diktati Augusto Pinochet a.
Sou total moun ki te patisipe nan kad referandòm pou chanjman konstitisyon sa, prèske 62% patisipan yo, ki reprezante 7,8 milyon moun nan popilasyon an, di yo “pa dakò”, kont 38% ki yo menm di “wi”, daprè rezilta definitif yo.
Aprè gwo mobilizasyon popilè ki te reyalize nan lane 2019 pou te mande chanje konstitisyon sa ki la depi sou diktati Augusto Pinochet an, epi yon lane travay sou elaborasyon pwojè sa ki te demare nan mwa me 2021, pèp chilyen an jounen dimanch lan di non ak konstitisyon asanble a pwopoze a.
Yon pwopozisyon konstitisyon, kontrèman ak sa ki an aplikasyon jounen jodia, vize garanti de nouvo dwa sosyal ak siwtayen yo nan sosyete kote pa gen okenn kontwòl sou libète moun. Pwopozisyon sa te prevwa garanti dwa ak edikasyon, sante piblik, retrèt ak kay pou moun rete. Malgre tout refòm ki prevwa nan pwopozisyon nouvo konstitisyon an, pèp chilyen an voye l jete.
Prezidan Repiblik lan, Gabriel Boric, ki te atann li ak sa, anonse li pral mande ak palman an pou lanse yon nouvo pwosesis konstitisyonèl k ap rekòmanse a zewo, avèk prensipalman eleksyon yon lòt asanble pou ekri tèks la. Chèf Leta a fè apèl ak tout fòs politik yo pou fè peyi Chili pase avan e jwenn kòman yo ka mete yo dakò byen rapid sou yon nouvo pwosesis pou chanje konstitisyon an.
Facebook Comments