Omwen 30 dola US, se pri yon galon gaz koute sou mache nwa nan peyi d Ayiti 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
omwen 30 dola us, se pri yon galon gaz koute sou mache nwa nan peyi d ayiti 

Sa fè plizyè mwa deja depi peyi a ap fè fas ak yon rate gaz ki lakòz anpil bagay ap mal fonksyone. Nan Pòtoprens kou nan vil pwovens yo, lari prèske blanch akòz pa gen okenn mwayen pou jwenn gaz achte nan ponp yo. Pi fò antrepriz, enstitisyon fèmen pòt yo oubyen chanje metòd fonksyonman yo.  

Si jiskaprezan pyès ponp paka louvri pou vann gaz akòz yo te gentan fini rezèv yo, oubyen akòz jan sitiyasyon an ye aktyèlman sou beton an, mache nwa toujou ap alimante kèk konsomatè ki reziye yo achte galon gaz la byen chè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya pou yon moun achte yon galon gaz fòk li gen pou pi piti 3 mil goud, nan zòn andeyò yo li menm rive 5 mil goud. Plizyè medya etranje, sitou dominiken, rapòte pa bò kote piblik yo « an Ayiti galon gaz la vann ant 30 ak 40 dola ameriken sou mache nwa », pou montre jan kriz gaz la rive nan yon nivo san parèy pa bò isit. 

Malgre tout sa yo n ap raple genyen moun ki reziye yo achte galon gaz la nan pri sa, si yo paka pran yon galon, yo mare kè yo yo pran yon demi galon.  

Men kesyon k ap poze se kisa k ap pase lè gaz ki sou mache nwa fin vann, paske jiskaprezan se li menm k ap founi popilasyon an akòz pandan dènye mwa yo ki te presede « Bwa Kale » a, plizyè ponp te pran plezi nan vann gaz nan galon ak doum sèlman pou t al sere pou vann lè gaz la pa disponib nan ponp yo ankò. Yo te prevwa tout bagay.  

N ap raple, suit ak desizyon Ariel Henry te pran pou sispann sibvansyone gaz la epi monte pri l sou mache a, pèp la te deside pran lari pou mande l retounen sou desizyon sila ak remèt desizyon l. Jiskaprezan lari a bloke, san konte bandi G9 an Fanmi e Alye deside bloke tèminal Varreux ki alimante teritwa, sa ki vin agrave kriz la pi rèd. 

Malgre pa gen lò nwa sou teritwa, pèp la di l pap achte galon gaz la plis pase 250 goud nan ponp yo, ki se pri l te vann avan sa. Aktyèlman Premye minis Ariel Henry monte l ak 570 goud.  

Nan yon lòt bò n ap enfòme, daprè sit globalpetrolprices.com, lendi 3 oktòb pase a, « pri an mwayèn gazolin nan atravè mond lan se 1.33 (dola ameriken) pou chak lit. »  

Sit la detaye « gen yon diferans enpòtan nan pri sa yo ant diferan peyi. Anjeneral, peyi rich yo gen pri ki pi wo alòske peyi ki pi pòv yo ak peyi ki pwodui ak ekspòtasyon lwil oliv gen pri siyifikativman pi ba. Yon eksepsyon se Etazini, yon peyi ki ekonomikman avanse ak pri gazolin ki ba. Diferans pri ant peyi yo se akòz plizyè taks ak sibvansyon pou gazolin […] ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.