Ostrali : Yon nonm ponyade yon evèk ak plizyè fidèl anndan yon legliz

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
xr:d:dafuf5dgilk:5066,j:2704836548621822535,t:24041518

Nan yon seremoni ki t ap fèt an dirèk sou Facebook, yon nonm rive ponyade yon evèk ak plizyè fidèl. Zak teworis sa fèt nan lakou peyi Ostrali nan jounen 15 avril la.

Nan yon legliz ki poze baz li nan Wakeley, nan banlye vil Sydney nan peyi Ostrali, san koule men se pa san Kris la. Lendi 15 avril sa a menm, yon nonm parèt ak kouto l epi li met san evèk la ansanm ak pa plizyè fidèl deyò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa Skynews fè konnen, gen 4 moun ki blese pandan atak sa. Men blesi pa menase lavi okenn nan moun sa yo, se sa Lapolis peyi Ostrali rapòte. Aprè nèg la fin pike evèk la, moun yo plonje sou li pou yo rive separe yo. Se imaj moun yo t ap viv yo an dirèk sou Facebook.

Otorite yo mete otè atanta sa anba kòd touswit aprè. Mar Mari Emmanuel, lidè relijye ki viktim nan, gen plizyè milye moun k ap swiv li sou rezo yo, sitou sou Facebook ak Instagram. Peryòd Covid-19 la te fè l genyen plis abòne toujou paske l te parèt septik kont viris la ak vaksinasyon an.

Toujou nan vil Sydney, samedi 13 avril sa a, gen yon atak ki fèt ak kouto nan yon sant komesyal ki fè 6 moun pèdi lavi yo. Pou le moman, yo poko konnen si gen lyen ant 2 atak sa yo ki fèt nan entèval 2 jou.

 

Source Photo: NetAfrique.net

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.