Patrice Dumont di li pa renmen kondisyon Senatè yo kite palman an 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
patrice dumont di li pa renmen kondisyon senatè yo kite palman an 

Manda dènye tyè Sena a te fini ofisyèlman ayè lendi 09 janvye 2023 a. Pa t gen okenn seremoni ofisyèl, palman an te totalman disfonksyonèl depi janvye 2020. Peyi a pa gen okenn lidè eli kounye a. Patrice Dumont ki se youn nan 10 senatè manda yo pran fen an di li pa renmen kondisyon Senatè yo ale a. 

Vrèman vre, nan yon konferans pou laprès lendi 09 janvye 2023 a,  Ansyen reprezantan eli nan Lwès la, Patrice Dumont di li pa renmen kondisyon Senatè yo kite palman, san yo pa fè okenn seremoni.  Men sepandan, ansyen Senatè a fè konnen konsènan bilan li, li kite palman an ak yon regrè, tout pandan li fè konnen li satisfè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mesye Dumont ki pat kapab ale nan Palman an, se nan yon otèl nan kapital la li te prezante rapò li. Ansyen Palmantè a di  li regrèt li pa gentan akonpli tout sa li te gen pou l akonpli antanke palmantè, daprè  sa li di, li te jwenn plizyè obstak ki te anpeche li reyalize tout sa li te anvizaje fè. Ladan yo li mansyone pwopozisyon lwa li sou koze espò a an Ayiti. Patrice Dumont pwomèt popilasyon Ayisyen an l ap kontinye defann enterè yo, malgre tout bagay. 

Ansyen reprezantan eli nan Lwès la, ki jistifye vòt sa yo ak pozisyon politik li pandan manda li, te kritike lefètke  biwo tyè Sena a pa t pran okenn etap pou òganize yon reyinyon pou make fen manda yo antake palmantè malgre demann li te fè bay prezidan  Sena, Joseph Lambert, tout pandan li di li pa t ap patisipe nan yon seremoni Joseph Lambert ap prezide , paske daprè sa li di, Lambert te dwe demisyone depi lè yo te anonse sanksyon Etazini ak Kanada te pran kont li a. 

Yon lòt bò Mesye Dumont te fè konnen l ap kontinye  milite nan pati politik li, epi l ap tounen nan akvite li te konn fè avan li te senatè, tankou anseye. 

N ap raple, lendi 9 janvye 2023 sa a make fen manda 10 senatè ki  te an fonksyon yo, Joseph Lambert, Patrice Dumont, Denis Cadeau, Pierre François Sildor, Jean Rigaud Bélizaire, Garcia Delvas, Kedlaire Augustin, Jean Marie Ralph Féthière, Wanique Pierre ak Rony Célestin. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.