Premye minis Ariel Henry deklare  « Gouvènman an ap travay pou bay jèn yo metye »  

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
premye minis ariel henry deklare  gouvènman an ap travay pou bay jèn yo metye  

Gouvènman ayisyen an inogire lendi 9 janvye 2023 sa a nouvo batiman pou loje Lise Teknik ak Profesyonèl Joseph C. Bernard, ki chita sou wout Frè a, nan Petyonvil.  Premye Minis Ariel Henry ki te inogire tou Sant Fòmasyon Pwofesyonèl Odette Roy Fombrun, te deklare Gouvènman l lan ap travay pou bay jèn yo metye. 

Daprè Chèf Gouvènman an, lise sa a fè pati modènizasyon lekòl piblik yo ak nan kontinyite refòm Bernard ki te prevwa yon segondè teknik ak pwofesyonèl, pi lwen pase segondè jeneral renove. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Jan non li montre sa a, lekòl piblik sa a se yon ilistrasyon nan refòm edikasyon an ak kòmansman operasyon yo nan eleman pwofesyonèl ak teknik nan refòm sa a », te deklare lokatè Primati a, tout pandan li fè konnen  pou li se  « yon ti revolisyon ki anonse ak fòmasyon jèn ki pral gen opsyon bakaloreya teknik e ki pral pi byen prepare pou fè fas ak defi mond modèn lan ak defi Ayiti cheri nou an ki bezwen anpil resous imèn kalifye  pou satisfè bezwen endistri yo ak sektè sèvis la ». 

Mete sou sa a, newochirijyen an te di tou, se premye lekòl segondè teknik ak pwofesyonèl ofisyèl ayisyen yo te inogire, e ki tou louvri wout pou bakaloreya teknik nouvo segondè a, jan moun lise a pote non an te fè l sa gen 40 lane. 

Pandan menm jounen lendi 9 janvye 2023 sa a ki te dedye ak edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl, gouvènman ayisyen an te inogire tou Sant Fòmasyon Pwofesyonèl Odette Roy Fombrun nan Meyòt, ki nan komin Petyonvil la 

Pou Doktè Ariel Henry gran dam sa a merite onore paske li te fè anpil kanpay pou jwenn aksè nan bon jan kalite edikasyon pou tout pitit gason ak pitit fi peyi a. 

Se sak fè, Chèf egzekitif la afime Gouvènman l lan ap kontinye fè jefò ak Lapolis pou kwape ensekirite a, tout pandan y ap travay pou bay jèn yo metye.  

« Ak lekòl sa, bandi ak zam ap jwenn mwens mwayen pou rekrite jèn nan kominote sa pou fè zak malonèt tankou kidnapin »,  te soutni Premye Minis Ariel Henry. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.