Pou anpil moun rete sèl, viv nan solitid se yon eksperyans ki pa bon ditou. Men konsa pou anpil lòt se meyè fason pou yo konprann tèt yo epi pran gwo desizyon nan vi yo. Pafwa sa depann sa ki lakòz yon moun deside rete pou kont li, jan li dwe adapte l pa rapò ak sa l ap viv yo. Men kisa solitid la ye? Nan liv M. Thibault a, ki rele « apprivoiser la solitude », otè a defini tèm nan konsa : Solid se yon fason pou yon moun izole l epi koupe lyen sosyal li, li gen plizyè fasèt.
Men kèk fasèt nan solid ou byen rete sèl genyen?
- Solitid emosyonèl : se dekoneksyon emosyonèl ak lòt moun.
- Solitid fizik : se lè yon moun deside rete pou kont li.
- Solid ekzistansyèl : se lè yon moun pèdi sans li nan lavi a, kote l wè tout bagay parèt difisil pou li pendan l sèl.
- Solitid relasyonèl : se yon fasèt nan solitid la, lè yon gwoup moun deside mete yon moun deyò nan yon gwoup sosyal.
Tout solid sa yo kapab gen gwo enpak negatif sou sante mantal ak sante fizik yon moun.
Men kèk avantaj solitid genyen
Se vre pou anpil moun solid se yon bagay negatif men konsa tou li gen anpil avantaj tankou :
- Li pèmèt yon moun travay sou tèt li epi fikse kèk bèl objektif pou demen.
- Li pèmèt moun nan konnen tèt li, rive dekouvri emosyon, panse ak konpòtman li. Sa ki ede moun nan grandi estim ak konfyans nan tèt li.
- Li pèmèt moun nan rive bese nivo estrès li, se yon okazyon pou moun nan detann li, repoze l.
- Ede moun nan rete konsantre, jwenn fòs pou travay sou yon objetik, sa ede moun nan tou kreyatif epi pwodiktif.
- Li pèmèt moun nan rete konekte nan lapriyè ak meditasyon epi chache yon gran koneksyon ak yon fòs sinatirèl.
Men kèk efè negatif solitid la genyen
- Lè yon moun deside rete nan solitid, fòk li konnen se yon risk li pran nan vi l, paske sa ka gen anpil konsekans sou sante mantal li ak fizik li pou n site sa yo. Men kèk pwoblèm yon moun ka jwenn lè l deside rete nan solid :
- Moun nan ka pèdi konfyans nan tèt li.
- Anpil etid montre moun ki pase anpil tan pou kont yo riske fè maladi tankou Obezite, Kriz kadyak, dyabèt…
- Sa ka bay anpil estrès ak ankzyete
- Moun nan kapab devlope yon ekip konpòtman negatif tankou bwè kleren san rete, pran anpil dwòg epi rete gen pwoblem adiksyon ak teknoloji.
Men kek bagay enpòtan yon moun dwe fè pou li konbat solid
Sa ka rive li difisil pou yon moun jere moman solid la, gen bel estrateji yon moun ka itilize pou li adapte l. Men kèk :
- Aprann medite, fè ekzèsis relaksasyon epi aprann respire pwofondman.
- Patisipe nan aktivite kote ki gen anpil moun tankou nan klèb, asosiyasyon, anbyans zanmitay.
- Rete makonnen ak zanmi epi fanmi, pase plis tan ak yo.
- Pase tan nan yon bagay ki gen enterè epi ki pote lajwa ak konesans sou lavi a.
Solid kapab yon moman ki pote anpil byenfè ak byenèt nan lavi yon moun men konsa tou li ka difisil pou yon moun viv epi travèsè moman sa. Men li tap bon pou moun ki deside rete sèl la konnen pou kisa li bezwen yon moman parèy. Pou w kapab pi byen konprann tèm solitid la, men kèk liv enpòtan ou ka founi je gade.
Madame de Bovary (1857): Gustave Flaubert
L’esprit de solitude (2001) : Jacqueline Kelen
Psychologie de la solitude (2009) : Gérard Macqueron.
Facebook Comments