Aprè plis pase yon semèn pwotestasyon nan plizyè rakwen peyi d Ayiti, pèp Site Solèy la resi rantre nan mouvman ofisyèlman jedi pase a, aprè lidè G9 an Fanmi e Alye a, Jimmy Cherizier alyas Babekyou te bay kou danvwa 14 septanm pase a nan ba Delma.
Plizyè santèn moun ki sòti nan komin Site Solèy te pran lari epi rejwenn sila ki te deja sou teren an nan zòn Delma ak sou wout ayopò. Yo pat pasifik ditou.
Anplis pawòl piman bouk yo te lanse kont pouvwa anplas la – ki gen nan tèt li Premye minis Ariel Henry, ki jwenn sipò yon pati nan opozisyon an, pami yo André Michel, Marjorie Michel ak Ricard Pierre, pou n site sa yo sèlman – yo te dechèpiye anpil biznis.
Wi, se pa de dega ki fèt nan komin Delma, pi patikilyèman Kafou ayopò ak sou wout Delma. Te menm gen echanj kout zam ant lapolis ak endividi nou pa rive idantifye. Manifestan yo dechouke garaj, bank, lekòl, famasi, epi boule anpil machin sou wout yo, elatriye.
Yo anonse y ap entansifye mobilizasyon an nan jou k ap vini la yo avèk yon nouvo eslogan : “Bwa kale”. Pwotestatè yo sèmante yo pa p kite lari a toutotan yo pa satisfè demann yo tankou desann pri gaz la, mete sekirite nan peyi a, epi depa Ariel Henry sou pouvwa.
Facebook Comments