Petyonvil : 2 prezime bandi mouri anba bal lapolis pandan yon tantativ kidnapin, kèk materyèl sezi 

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
petyonvil 2 prezime bandi mouri anba bal lapolis pandan yon tantativ kidnapin, kèk materyèl sezi 

Fòs polis Nasyonal Dayiti a dejwe yon tantativ kidnapin byen bonè maten dimanch 11 desanm 2022 a, nan ri Rigo, andedan komin Petyonvil. Pandan operasyon sa a, 2 prezime kidnapè kle tantativ kidnapin sila a fè vwèl pou peyi san chapo nan echanj kout bal ak polisye yo. Ajan yo ki te rive a tan konfiske yon fizi kalib AR-15. 

Bandi yo ta pral komèt kidnapin sila a abò yon machin Blan, mak li se Nissan Patrol, imatrikile AA-08354. Alòske 3 lòt plak machin, ki gen ladan yon pè SE-00648, te sezi andedan machin nan, daprè yon nòt enstitisyon lapolis la rann piblik 

Yo jwenn yon pyès idantifikasyon sou youn nan bandi yo ki rele St Plice Félise, yo te idantifye li atravè lisans li, alòske lòt bandi a t ap sikile san pyès sou li toutfwa, yo pa idantifye l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia