NETALKOLE

Petyonvil-Masak St-Jean Bosko : Yon gwo sware ap òganize nan memsa viktim yo 

Nan lide pou senpatize yo ak fanmi sila yo ki te viktim nan masak ki te fèt nan legliz St-Jean Bosco a,  « Gwoup Lakou St-Jean Bosco », konte òganize yon seremoni nan memwa tout viktim yo pou rann tou yon bèl omaj ak konpatriyòt sa yo. 

Pou kontinye raple dat Masak St-Jean Bosco sa a, òganizasyon « Gwoup Lakou St-Jean Bosco » a gen entansyon òganize yon seremoni pou make la epi reviv kèk dènye souvni. selon sa yo rapòte NAK MÉDIA.  

Fòk nou raple tou, masak sa a te lakòz omwen 10 moun mouri ak plizyè lèzòt ki te blese nan legliz St-Jean Bosco a, komin Petyonvil nan dat ki te 11 septanm 1988, selon sa dirijan òganizasyon « Gwoup Lakou St-Jean Bosco » a fè konnen nan yon konferans pou laprès ayè vandredi a, se te yon tantativ asasina kont lidè Karismatik la, Doktè Jean-Bertrand Aristide. 

Pi lwen,  lidè estrikti a Augustin St Victor, anonse yo pral òganize yon seremoni nan okazyon an, nan sousi pou komemore dat sa a, (11 septanm 1988-11 septanm 2022) sa fè deja 34 ane. Patizan Lavalas yo ankouraje pèp ayisyen an pou kontinye manifeste kont Premye Minis defakto Ariel Henry ki pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon kriz peyi a ap fè fas nan dènye tan sa yo.

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire