Pou pi piti 5 moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon fiziyad nan zòn kanaan 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
pi piti 5 moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon fiziyad nan zòn kanaan 

Nèg ak zam kontinye ap enpoze lwa yo nan peyi a. Pi piti 5 moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon fiziyad nan zòn kanaran ayè madi 24 javye 2023 a. Pami viktim yo, yon ansyen foutbolè ki pote non Josué Jean-Pierre. 

Ayè madi a kanaan leve yon lòt fwa ankò anba yon jounen kè sote. Yon lokalite ki twouve l nan antre nò kapital la nan komin kwadèboukè. Nèg san fwa ni lwa tiye pi piti 5 moun ak plizyè lòt blese nan yon fiziyad. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Pami viktim yo, yon ansyen foutbolè klèb  » Aigle Noir » la ki rele Josué Jean-Pierre. Gen plizyè kay ki boule, nèg ak zam kontinye ap pote kè sote kay popilasyon an. 

 

Ensekirite a kontinye ap vale tèren nan peyi a. Sa fè kèk lane bandi ak zam ap enpoze lwa yo nan kapital la kou nan pwovens, yo donnen tankou djondjon epi yo fè sa yo pi pito, pèsòn moun pa epanye. Poutan sa pa menm leve yon plim sou do mouche leta, chak jou sitiyasyon an ap vin pi grav. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.