USAID anonse plis pase 56 milyon dola èd pou Ayiti 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
usaid anonse plis pase 56 milyon dola èd pou ayiti 

Isobel Coleman, administratris Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal la (USAID) rive madi 24 janvye sa a an Ayiti e li ap pase 2 jou sou teritwa nasyonal la. Administratris ameriken an te tou pwofite fè konnen peyi Lèzetazini ap bay Ayiti 56,5 milyon dola adisyonèl nan asistans ijan pou ede ak kriz imanitè k ap detèryore a epi ak epidemi kolera k ap kontinye ogmante nan peyi a. 

Asistans adisyonèl la te anonse yon ti tan apre Isobel Coleman, administratris adjwen Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la te rive Ayiti.  Li rive madi, menm jou Konsèy Sekirite Nasyonzini an te reyini pou diskite sou sitiyasyon peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Ayè madi 25 janvye a, Administratris Adjwen USAID a, Isobel Coleman fè konnen, Etazini, atravè Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID), pral bay pèp Ayisyen an 56,5 milyon dola an repons a kriz imanitè a ak epidemi kolera nan peyi a », te anonse Anbasad Ameriken an Ayiti a. 

Daprè nòt la, finansman sa a pral ede patnè yo satisfè bezwen imanitè ijan plis pase 868,800 moun atravè Ayiti nan distribye founiti medikal ak medikaman, amelyore aksè a dlo potab ak ranfòse fonksyonman etablisman sante yo, ki gen ladan sant tretman kolera ki se esansyèl pou ralanti pwopagasyon maladi danjere sa a. 

N ap raple, nan moman an, peyi a gen 1,938 ka yo konfime sou yon total de 25,803 sispèk. Nan total ka yo, 21,995 te oblije entène lopital, 10 nan yo nan dènye jou yo. Laj mwayèn moun ki entène yo se 19 lane. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.