Plizyè bandi deja bwè dlo dan yo nan kad Operasyon « Tònad 1 » an daprè PNH la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plizyè bandi deja bwè dlo dan yo nan kad operasyon tònad 1 an daprè pnh la

Nan dat ki te Vandredi 27 janvye 2023 a , nan yon konferans pou laprès, Frantz Elbé, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d`Ayiti (PNH) a, apre lanmò 6 polisye pandan atak sou Komisarya Lyankou a, te anonse yon repons rapid bay bandi yo atravè yon operasyon ki rele « Tònad 1 » ki gen pou misyon dechouke gang ak zam sou tout teritwa nasyonal la. Nan kad operasyon sila plizyè bandi deja bwè dlo dan yo ak plizyè lòt arete, daprè PNH la.

Enstitisyon Polisyè ayisyèn nan pa t kite popilasyon an endiferan sou evolisyon operasyon « Tònad 1 » an, ki te lanse sou tout teritwa naysonal la, aprè bandi ak zam fann fwa te fin retire lavi plizyè polisye nan Lyankou, nan Depatman Latibonit la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, nan yon bilan pasyèl, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te fè konnen nan kad operasyon « Tònad 1 » an, plizyè bandi gentan pèdi lavi yo, san konte plizyè lòt ki pran kòd ak materyèl ki sezi.

San bay yon chif ki egzak, entitisyon polisyè a te afime gen plizyè bandi ak zam ki te tonbe anba bal nan echanj kout zam ak Lapolis, nan kad operasyon « Tònad 1 » an, ki gen pou objektif dechouke gang ak zam sou tout teritwa nasyonal la.

Yon lòt bò PNH la te enfòme nan kad menm opérasyon sila a, 462 arestasyon te anrejistre nan jiridiksyon lapolis, ki gen kòm nati : kidnapin, posesyon zam ilegal, vyòl, agresyon seksyèl, vòl machin, vòl ame. San bliye plizyè lòt minisyon ki sezi.

N ap raple nan menm operasyon « Tònad 1 » an, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te anonse nan wikenn ki sot pase a, polisye Micioni Pradel Innocent, kouzen lidè gang Vitelhomme Innocent, te arete vandredi 10 mas 2023 a nan Lewogan pou afilyasyon li ak gang.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.