Plis pase 16 mil migran ayisyen deja travèse forè Darien pou rantre Etazini pou 2023 a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plis pase 16 mil migran ayisyen deja travèse forè darien pou rantre etazini pou 2023 a

Peyi Panama pa sispann bay chif sou kantite migran ki travèse teritwa li a depi kòmansman ane a, patikilyèman forè Darien ki sitiye li ant Panama ak Kolonbi. Se yon raje ki danjere anpil, moun k ap travèse l konn mouri la.

Otorite yo nan peyi Panama fè konnen se plis pase 45 mil migran ki nan sitiyasyon ki pa regilye ki travèse forè Darien depi kòmansman lane 2023 a, e pami yo genyen 16 mil Ayisyen. Tout gen yon sèl objektif rive wè si yo ka rantre nan peyi Etazini.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Migran ayisyen yo okipe premye plas kòm moun ki plis travèse rejyon sila pou rann yo sou fwontyè Etazini ak Meksik la, ak 16 110 moun pou kòmansman lane 2023 a, daprè done Sèvis nasyonal migrasyon ak Sèvis nasyonal fwontyè Panama yo.

Ekwatoryen yo vini an dezyèm pozisyon ak 11 070, Venezyelyen yo ak 7 874. Genyen Endyen yo ki ak 1 246, Kolonbyen (822), Kiben (168) epi Dominiken (181).

Nan detay yo toujou, otorite Panama yo rapòte pou janvye a genyen 24 634 migran ototal ki te travèse forè Darien an. Pou fevriye a genyen 21 093 ki fè sa, daprè Minis panameyen Sekirite piblik Juan Manuel Pino.

N ap raple, Panama se youn nan peyi ki anrejistre yon gran nonb migran k ap tante rantre an Amerik di Nò pou chèche lavi miyò, epi ki pwopoze yo abri tanporè pou yo rete. Plizyè fwa deja yo adrese yo ak kominote entènasyonal la pou mande yo èd pou yo ka fè fas ak pwoblèm migrasyon sila, epi afwonte l tankou yon pwoblèm rejyonal, men sa pa janm fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.